1 Se yon sòm David.
Segnè-a se gadò-m;
mwen p’ap janm’ manke anyen.
2 Nan patiray ak zèb vèt yo,
se lá li fè mwen pran repo.
Kote dlo-a koule poze,
se lá li mennen m bwè.
3 Li restore nanm mwen.
Li dirije m nan chemen dwat yo,
pou sa sèvi yon lwanj pou nōn li.
4 Menm si m’ap mache,
pase nan vale lonbraj lanmò-a,
mwen p’ap pè oken mal,
paske ou là avèk mwen;
baton ou ak gòl ou fè kè-m poze.
5 Ou prepare yon tab pou mwen
nan prezans èlmi-m yo:
Ou aroze tèt mwen avèk lwil;
koup mwen debòde.
6 Anverite, bonte e mizerikòd
ap swiv mwen pou tout la vi-m,
e se la kay Segnè-a m’ap abite
pou tout tan gen tan.
© SayZeal | Sezi l Nèttm