Sweet Micky, Vakabon Ofisièl, Prezidan

Rezilta preliminè endike atis extraòdinè, Michel Martelly, alias Sweet Micky, geyen eleksion prezidensièl la, pou vini twazièm Presizidan eli nan eleksion lib ań Ayiti. Premie Vakabon Ofisièl, nan yon lign ki konpoze prèske avèk vakabon (ennofisièl) sèlman. 

Malgre Micky te konn siksè pandan pliziè ane, misie te toujou rete lwen magouj politik. Si li vin’ antre nan sitiasion an kounia la, kiyès ki konnen, petèt li gen bon entansion.

Nou konn souvan eli vakabon maske, li pa pi dròl pran yon vakabon tou klè…envite maskarad la. Omwen, nou deja konnen sa nou pran davans. 

Priye pou Mateli ; priye pou Ayiti.  Kiyès ki konnen, petèt se yon gras Segnè-a fè nou la. Pafra, Li chwazi moun fou pou li fè moun saj yo wont.  Li konn chwazi moun ki fèb pou Li fè toro yo tranble (1 Kor 1.27).

© SayZeal | Sezi l Nèttm

This entry was posted in Nouvèl and tagged , . Bookmark the permalink.