Lanmou Doudou

The Best of JackitoLamou DoudouHaitian Troubadours

Tout sa se Lanmou Doudou

J.S. JEAN (alias Jackito)

Premie Pati

Lèse mwen pale ; lèse m di sa m panse.
M pa sa sipòte ; m santi feblès nan kè-m.
Mwen anvi ou chita tande m,
Pou w ka fikse mwen nan fon z’ie-w,
Pou w di m doudou ou wè lanmou
Ki chita nan fon kè-m pou ou.
Lèse mwen pale ; lèse m di sa m panse.
M pa sa sipòte ; m santi feblès nan kè-m.

Dezièm Pati

M te rankontre w nan yon fiesta,
Kote ni mwen ni ou te bèl ; bèl…
Tchè an mwen t’ap bat tèlman fò.
Mwen te kwè l ta ka exploze ; e…
Nan je-w te gen yon l’ākansièl.
Figi-w t’ap fè plas pou solèy.
Li te pòtre yon douvanjou,
Kote limiè te tout koulè.
Tchè an mwen t’ap bat tèlman fò.
Mwen te kwè l ta ka exploze ; e…

Koral la (2x)

Lanmou doudou, tout sa se lanmou doudou.
Se l’esansièl, ou te pòtre yon l’ākansièl.

Twazièm Pati

Kò an mwen t’ap plede fremi.
Mwen te fin’ kwè m ta ka mouri ; i…
M te gen anvi viv pou ou,
Panse de ou, pale de ou ; ou…
Jou k’ tan nou ta imajine,
Pou nou youn ta panse de lòt,
Lanmou ta va kriye viktwa,
Nan mitan tchè nou tou le de.
Tchè an mwen t’ap bat tèlman fò.
Mwen te kwè l ta ka exploze ; e…

(Repete koral la)

Katriyèm Pati

Ti mizik ou t’ entèprete,
Yo te ban mwen anvi dòmi ; i…
M te rann ou resiprosite,
Do, re, mi, fa, sòl, la, si, do ; do…

(Repete koral la 2x)
…e an refren jiska fini

Senkièm Pati (2x)

Li ka fè w fremi ; li ka fè w pale.
Nou bezwen jefò pou nou sove l.
Se pa rete chita gade la, la.

Sizièm Pati

Lanmou doudou, lanmou doudou,
Lanmou doudou ; a.
Se l’esensièl…

(Repete senkièm pati-a)

Fini

Lanmou doudou, tout sa se lanmou doudou.

Apendix

Woy, ala ‘on la vi dròl.
Woy, ala ‘on la vi dròl.

Tout sa k’ pa bon pou youn,
Li bon pou yon lòt.
Tout sa k’ pa bon pou youn,
Li bon pou yon lòt.

Ou g’on boubout k’ale kite w,
L’ap jwenn yon lòt.
Lè sa, ou prèske fou.

Nèg ki ranplase w la, ap rejwi.
Ou nan la tristès;
L’ap manifeste.

SayZeal | Sezi l Nèttm

This entry was posted in Chanson, Literati and tagged , , , , , , , , , , , , , . Bookmark the permalink.