Yon ti Mo Fou

Emeline Michel

Yon ti Mo

Emeline Michel

Fi

‘Kou yon chimen tou trase,
Sa k’ pou rive dwe rive ;
Gen bagay nou pa kontrole.

Gason

Nou kwaze, nou pa ‘kontre,
Men la vi reba n randevou ;
Gen yon koze nou dwe koze.

Ansanm

Yon ti mo fou,
Ke nou pr’al di,
{Tèlman l kontan mwen vivan,
L pa pe tann lontan.}

Yon moman,
(Yon moman)
Pou nou dë,
(Pou nou dë…)

Gen yon bagay m sere pou ou,
E mwen p’ap bay pèsòn li.

Gason

‘Kou ‘on l’odè bougenvilie,
Nan fon kè-m ou ret’ tache,
Menm lè m pa bat kò-m,
M pa chache w.

Fi

Tankou ‘on savann sèch,
Anba lapri…
Kè-n ap bwè tout mièl tandrès ki te sere.

Ansanm

Yon ti mo fou,
(Yon ti mo)
Ke nou pr’al di,
{Lontan n’ape chache,
Kouman pou nou jwenn.}

Yon moman,
(Yon moman)
Pou nou dë,
(Pou nou dë…)

Gen yon bagay m sere pou ou,
[E] mwen p’ap bay pèsòn li.

(M p’ap bay pèsòn li.)
Non, non, non, non, non, non, non.
… … …

(M p’ap bay pèsòn li.)

Ansanm

Yon mirak fèt devan je-m, an han,
(Padati yatata)
Si jodi-a ou tou pre m.
(Tadatan tantan)
Kèlkeswa kote ou vle, wi…
(Padati yatata)
Sere mwen fò lè mwen–
Pa mennen m tounen.

Ansanm (2x)

Yon ti mo fou,
(Yon ti mo)
Ke nou pr’al di,
{M’ape ret’ tann ou lontan ;
M, mm, mm.}

Yon moman,
(Yon moman)
Pou nou dë,
(Pou nou dë…)

Gen yon bagay m sere pou ou,
[1. E] m[wen] p’ap bay pèsòn li.

(1. Bay pèsòn li…)
(2. Non, non, non ; non, non ; non, non.)

SayZeal | Sezi l Nèttm

This entry was posted in Chanson, Literati and tagged , , , . Bookmark the permalink.