Yon Peyi Devlope

Mwen di, si gen yon peyi devlope, mwen pa ta sipoze wè twa kichoy ladan-l.  Si m pa wè twa bagay sa yo nan yon peyi, vrèman vre, sa se yon peyi ki devlope.  Moun mande m, kisa ?  Men repons lan : Yon peyi devlope premieman se yon peyi ki pa bezwen prizon, dezièmman se yon peyi ki pa bezwen lopital, epi finalman se yon peyi ki pa bezwen senmitiè.  Eske peyi sa ekziste ?  Si w trouve l avan m, vini di mwen souple ; paske, se la tou mwen ak fanmi-m vle abite, nan yon peyi kote yo pa mete moun nan prizon, moun pa tonbe malad, epi moun pa oblije mouri.  Se nan peyi sa sèlman ki gen libète reyèl la, pou rès la yo menm, elas.  –M. Karambiri

SayZeal | Sezi l Nèttm

This entry was posted in Medite and tagged , , . Bookmark the permalink.