Kriye… Chante
Pä
Jacques Sauveur JEAN (alias Jackito)
Premie Pati
Yon ti kout je-w, se sa k’ fè mwen krake.
Yon ti souri-w, se sa k’a fè m dòmi.
Lè w elwagne m, kè-m dechire,
Pou m admire w se nan ti sonj,
Sèl ti souri-w ki ban m moso l’espwa.
Lè w elwagne m, kè-m dechire,
Pou m admire w se nan ti sonj,
Sèl ti souri-w ki ban m moso l’espwa.
Dezièm Pati
Ou fè m kriye, ou fè m soufri ;
(O, wo…, o…)
Lè w souri, tout zwazo chante.
Ti je t’aime ki sot’ nan fon kè-w,
(O, wo…, o…)
Se sa ki ban m moso l’espwa.
Lò ti kè-m ap dechire, kite l kriye,
E lè m santi m kontan, kite m chante :
Kriye…chante, pou sa m renmen ;
Kriye…chante, ou ban m l’espwa.
… … …
Twazièm Pati
Yon ti chanson d’amou, se sa m ka ba w.
‘Proche pi pre m, m’a di ou kisa m panse.
Pou ou mwen ta renmen chante,
Tout bèl ti mo d’amou k’ nan kè-m,
Yon sèl bagay mwen ta swete w kontan.
Pou ou mwen ta renmen chante,
Tout bèl ti mo d’amou k’ nan kè-m,
Yon sèl bagay mwen ta swete w kontan.
Katriyèm Pati
Ou fè m sote, ou fè m vole,
(O, wo…, o…)
Tankou ti papiyon k’ sou flè.
Lè w l’ouvri je-w, ou fè m konprann,
(O, wo…, o…)
Ke se solèy k’ape leve.
Lò ti kè-m ap dechire, kite l kriye,
E lè m santi m kontan, kite m chante :
Kriye…chante, pou sa m renmen ;
Kriye…chante, ou ban m l’espwa.
Final
Lè w elwagne m, kè-m dechire,
Pou m admire w se nan ti sonj,
Sèl ti souri-w ki ban m moso l’espwa.
Lè w elwagne m, kè-m dechire,
Pou m admire w se nan ti sonj,
Sèl ti souri-w ki ban m moso l’espwa.
Pou ou mwen ta renmen chante,
Tout bèl ti mo d’amou k’ nan kè-m,
Yon sèl bagay mwen ta swete w kontan.
Pou ou mwen ta renmen chante,
Tout bèl ti mo d’amou k’ nan kè-m,
Yon sèl bagay mwen ta swete w kontan.
SayZeal | Sezi l Nèttm