Biografi Mwen
Pä
LP Juanito BEAUBRUN
I
An han, an han.
An han, an han.
Men pouki’, pouki’, tout moun vle konnen,
Ki kote mwen soti, biografi mwen.
Nou pa bezwen pase pa kat chemen,
Men mwen sou trak sa ;
Nou tout pr’al konnen.
Mwen fèt Jeremi, nan bwa, an deyò.
Mwen pa pot’ signati papa-m,
Mwen se pitit deyò.
Manman-m malerèz,
M pa bezwen garde du corps.
M mache a tout lè,
Paske m konnen Bon Die pi fò.
Se vre, nan lekòl, mwen pa t’ janm premie.
Ak yon mwayenn senk tou ron,
Kanmèm m’ap monte.
Men gras a Die,
M fè tout klas mwen nan lycée.
Gro kolèj, ’pil lajan, mwen pa t’ ka frekante.
M vle w konprann sa,
M vle w konprann sa, ou wo o,
Avèk yon bwa gita,
M ka fè le mond antie konprann sa.
M vle w konprann sa,
M vle w konprann sa, ou wo o,
Avèk yon bwa gita,
M ka fè le mond antie konprann sa.
II
An han, an han, men sa se Wanito.
An han, an han ; biografi mwen.
Men pouki’, pouki’, tout moun vle konnen,
Ki kote mwen soti, biografi mwen.
Lè y’ap poze m kesion, vle konn’ pase mwen,
Ki experians ki te make lavi mwen.
Mwen di w mwen fèt Jeremi, nan bwa, an deyò.
Mwen pa pot’ signati papa-m,
Mwen se pitit deyò.
Men Manman-m malerèz,
M pa bezwen garde du corps.
M mache a tout lè,
Paske m konnen Bon Die pi fò.
Nan ane katreven youit mwen fèt tande.
M pa t’ ko menm gen mwa,
Manman-m sevre m tande.
Lè li te gen ‘on kote l’ap degaje,
Si li pa al’ fè djòb la, l’ap revoke.
Men li toujou kite m nan men vwazin lan,
Men pafwa, lè l trò prese,
L bliye m nan chanm lan.
Mwen di w, pa t’ gen mwayen,
Pou te peye bòn lan ;
Bagay sa vin’ koz m’ap drive nan tout zòn lan.
M kòmanse grandi,
L voye m lekòl kay Madan Loulou.
Dam ki konn vin’ chache m lan,
Podiab, li se yon boubou.
Cheve-m konn gro, manman-m rale sizo-l,
Li fè l. Li ban m yon tchas kochi,
Li pa bay moun dwa pale nan z’afè-l.
Li met’ prensip sou mwen ; lè m pa aplike,
L vide kou sou mwen.
Li fè konn’ gou bouch mwen ;
Lè l gen lajan, l fè bon manje pou mwen.
M te gen ‘on zanmi-m ki gen ‘on gita,
Se lakay li m te konn chita,
M’ap chante, maten, midi, swa,
Jiskaske m vin’ pran levèl sa, ou tande !
III
An han, an han, men sa se Wanito.
An han, an han ; biografi mwen.
Kèt, kèt, kèt, kèt, m kraze sal.
Jwe nan tout fèt, m kraze sa.
Nan ’kou de ratrapaj,
Nan Lycée Pétion-Ville–
M’ouvè yon paj mizik,
Fè tout medam yo feel mwen.
M vin’ gen popilarite,
Jwenn moun ki konn’ apresie.
Nan tout lari, m’ap tande,
Mizik mwen y’ap fredone.
Nan bouch ti moun, granmoun, jenn moun, yèp,
E menm nan bouch Vwazin Foufoun.
Y’ape chante.
An han, an han, mwen di sa se Wanito.
An han, an han ; biografi mwen.
SayZeal | Sezi l Nèttm