Pä
Skah Shah
i
Manten an, mwen leve, zie-m l’ouvri.
Gen yon doulè k’ chita sou kè mwen.
Mwen sonje peyi mwen.
A-yi-ti che-ri !
M’oblije, m’al pran bus, pou m’al travay.
De ran dlo koule nan zie mwen.
O Bon Die…ban m kouraj.
… … …
ii
Manten an, mwen kouche, zie-m l’ouvri.
[Gen] yon doulè k’ chita sou kè mwen.
Mwen sonje peyi mwen.
A-yi-ti che-ri !
M’oblije, m’al pran bus, pou m’al travay.
De ran dlo koule nan zie mwen.
O Bon Die…ban m kouraj.
iii
Moun lakay mwen panse m heureux.
Lè m pa ekri, yo kritike m.
Sa yo pa konnen, se kè-m k’ap rache ;
Nan Nou Yòk, solèy pa leve.
Sa yo pa konnen, ke se kè-m k’ap rache ;
Nan Nou Yòk, solèy pa leve.
It is Skah Shah number one!
… … …{LIB}.
iv
Woy, solèy pa leve. (3x)
Mezanmi, kòman nou ye ? (3x)
Mezanmi, kòman nou ye ? (3x)
v
Mezanmi, nou pa pran nouvèl, o.
(Mezanmi, kòman nou ye ?)
Mezanmi nou santi nou chagren.
(Mezanmi, kòman nou ye ?)
Mezanmi, n’ekri, n pa reponn.
(Mezanmi, kòman nou ye ?)
Woy, woy, woy, woy, woy wo woy.
(Mezanmi, kòman nou ye ?)
vi
Mezanmi, yo di m lapli tonbe.
(Mezanmi, kòman nou ye ?)
Mezanmi nou sonje n anpil o.
(Mezanmi, kòman nou ye ?)
Mezanmi, n’ekri, n pa reponn.
(Mezanmi, kòman nou ye ?)
Woy, woy, woy, woy, woy woy woy.
(Mezanmi, kòman nou ye ?)
vii
Pala palap palap pala…
Oho, oho ; ho, oho…
Mezanmi, kòman nou ye ? (3x)
Pala palap palap pala.
SayZeal | Sezi l Nèttm