Editè prensipal SayZeal | Sezi l Nèttm la ap fè tapekoul avèk niès li Makela. Misie peze 170 liv (76 kg), e Makela peze 85 liv (38 kg). An nou di chak ronn ki arebò planch lan menm distans apa (Figi 1). Si Makela chita sis inite a dwat pin santral jön lan, detèmine siantifikman pi meyè pozision pou editè-a chita relativ ak pin santral la, pou jwèt la ka mache pi bien.
Fig. 1 : Problèm n’ap konsidere-a
Problèm
Sa ki ta sipoze klè la se ke problèm lan se senpleman pou plase imotikonn ble-a nan pozision ki nesesè pou li balanse rouj la (se lè sa jwèt la va mache bien). Si gen plis tandans pou planch lan kage sou yon bò ke yon lòt, l’ap pi difisil pou roule l sou pin lan.
Solision
An nou rele pwa editè-a, PE, e pwa Makela, PM. Nan menm maniè, an nou rele distans Makela chita relativ avèk pin santral la, dM, e distans editè-a dwe chita pou balanse pwa Makela, dE. Matematikalman, kondision ki nesesè pou kenbe planch lan orizontal se,
Konnen : PM = 76 liv, dM = 6 inite, PE = 170 liv.
Bezwen : dE.
Dèske gen yon sèl variab nou pa konnen, dE, nou sempleman bezwen rezoud expresion an pou variab sa, epi ploge rès enfòmasion nou konnen yo. Ekate variab nou bezwen an nan ekwazion an wo-a ba nou,
Fig. 2 : Chema pou solision an
Obzève ke problèm mekanik se problèm lojik. Statik pa nesesèman mande yon pakèt talan, men anpil bon sans. Kòm nan ka nou sa la. Dèske pwa Makela demi pwa Tonton-l, li fè sans pou Makela chita de fwa pi lwen ke Tonton-l (relativ ak pin santral jön lan), pou youn kabap bien balanse lòt.
Se pa gro koze ke sa, men kòm pou tout bagay ki ekri isi-a, m’espere youn trouve l itil. M’ale ! M kite w avèk paròl Salomon.
Pitit se kado Bon Die fè, se rekonpans Li yo ye (Sòm 127.3).
© 2012 SayZeal | Sezi l Nèttm