Konfians Grosè yon Grenn Moutad

Dimanch pase-a, pandan m’ap soti legliz la, yon diak lonje yon ti sache plastik ziploc® ban mwen, avèk sis ti grenn moutad ladan l, kòm yon souvni ki va pemèt mwen raple mesaj Pastè Joèl la sou konfians. And’dan sache-a te gen yon ti moso papie. Sou yon bò-l te ekri, anyen pa enposib, epi sou lòt bò-a, « Si w gen konfians menm kòm yon grenn moutad, ou kapab di mòn sa, retire w isi-a al plase w laba ; l’ap deplase. Anyen p’ap enposib pou ou » (Mat. 17.20).

Mwen grandi ap plante patat, pistach, mayi, manyòk, mango, melon, yanm ; menm yon il anana m gen nan jaden-m. Si w vle aksepte l, mwen se yon kiltivatè serie. Malgre sa, epi pou lontan m’ap li vèsè Matie sa, anvan moman sa, mwen pa t’ janm wè yon grenn moutad. Si m te ase enterese, kanmèm, mwen t’ap gentan fè yon ti bouske sou entènèt la pou wè kèk imaj, men mwen pa t’ jamè panse pou fè sa avan.

Se pa pou di moutad konplètman etranj pou mwen ke sa. Omwen variete jön lan se bagay kòmen pou mwen. Malgre m pa gro fän gou li, pafwa lè m bliye di pa mete l, mwen konn manje pat la kòm epis sou sandwich. Mwen obzève yon bagay prèske chak fwa m’ap eseye ekri yon ti atik konsa, mwen toujou swiv yon lign ki mennen m di yon bagay mwen pa t’ konstate m t’ap di oparavan. Nan ka sa, se ki kantite sandwich ak manje Chinwa yon nonm Ayisien selibatè manje kan l pa lakay. Kèt !

Vrèman vre, moutad la se yon semans ki piti anpil. Nan foto-a, mwen gen twa semans nan pla men-m. Omwen youn nan grenn sa yo pa bezwen okenn explikasion. Si w enterese sou yon atik sou blòg sa, san dout ou rekonèt twa grenn melon yo. Nan piès plastik a dwat la, gen sèt semans anana. Sifas grenn anana yo mezire anviron de milimèt pa kat. Se vre, pou grandi yon pie anana, youn souvan senpleman plante tche yon anana, men semans lan pa sèlman nan ke-a ; li nan chak grenn je anana-a. M te avèti w ke mwen se yon kiltivatè serie. Finalman, sis ti grenn ki nan piès plastik a goch la se semans moutad. Grenn moutad yo ron, avèk yon diamèt anviron yon milimèt ak yon milimèt e demi. Se variete yo rele brassica nigra ; youn nan kalite ki grandi nan Mwayenn Orian. Se petèt li-menm ki mansione nan Levanjil yo.

Kounia, an nou konsidere enplikasion espiritièl mesaj la, ‘konfians menm kòm yon grenn moutad’. Premie sa ki frape m, kòm yon layik, ak paròl Jezi sa yo, se ke yon grenn semans moutad piti anpil konpare ak lòt semans. Ki fè m panse se pa senpleman yon nonm ou yon fanm extrèmman relijie ki gen mwayen envite Bon Die pou afekte la vi praktik li. Se verite, oubien konparezon an pa valab. Dezièm sa ki frape m se nesesite konfians. Nan yon lòt kote, mwen panse li ekri :

San konfians li enposib pou swiv Bon Die. Yon moun ki vin’ jwenn Bon Die dwe kwè Li ye, epi Li rekonpanse moun k’ap swiv li avèk dilijans yo.

La Bib menm defini konfians. Bib la di ekzakteman kisa ki la fwa, epi gen demonstrasion sou definision biblik sa. Nan Ebre 11.1, li ekri : Kounia konfians se asirans sou yon bagay espere, yon konviksion ki bay prèv sou sa je pa wè.

Yon sòlda Romen, santenie, al’ mande Jezi pou vini geri yon sèvitè-l. Segnè, misie di, « Sèvitè-m lan kouche lakay paralize e nan soufrans terib. » Jezi reponn solda, « Mwen pr’ale geri li. » Sa ki enteresan, angiz pou misie di Kris la yon senp mèsi, li kontinie, « Segnè, mwen pa merite pou w vin’ anba tonèl kay mwen, senpleman fè yon deklarasion, epi sèvitè-m lan ap geri. Paske mwen se yon nonm anba otorite (anpi-a), mwen gen sòlda anba otorite pa-m. Lè m di youn ale, l’ale, e lè m di yon lòt vini, li vini. Si m di sèvitè-m lan fè sa, li fè l. » Kan Jezi tande paròl santenie-a, Li sezi, epi di moun ki t’ap swiv Li yo, « M’ap di n yon verite, Mwen pa trouve oken moun ann Izrayèl avèk yon gran konfians konsa. »

Aprè sa, Jezi di santenie-a, « Ale ! Sa ap fèt menm jan ke w kwè l t’ap fèt la » (Mat. 8.5-13).

Santenie Romen an trouve yon sekrè konsène pouvwa. Li itilize pròp experians pa-l pou ateri sou verite sa : Distans pa diminie yon otorite lejitim. Li rekonèt ke paròl Jezi ekzekite chanjman nan mond espiritièl la, ki manifeste nan mond fizik la, epi li pran desizion ke prezans Jezi pa menm nesesè, paròl Jezi sèlman sifi (pou chanje sikonstans sèvitè-l la). Li pa t’ menm bezwen la pou wè, paske li kwè. Li konnen prèv pou konfians li t’ap manifeste.

An nou konsidere yon lòt sitiasion kote Jezi Kris fè lwanj pou yon moun pou konfians li. Nan ka sa, yon fanm ki t’ap pèdi san san sès, pandan yon douzèn ane (cf. Mak 5.25+). La Bib di, manmzèl te soufri yon pakèt kichòy anba men pliziè doktè, e nan prosès la, l te depanse tout sa l te posede, san trouve oken soulajman, okontrè vin’ malad pi grav. Bri kouri, nouvèl gaye, fanm sa « tande pale de Jezi » (v. 27). Kisa l te tande ? Mwen kwè enplikasion an senp : Jezi konn’ fè mirak ! Kèlkeswa paròl manmzèl te tande de Jezi-a, ankouraje l, e kreye konfians nan kè-l, ki pouse l deklarare :

« Si m ka touche tche ròb Li sèlman, m’ap geri » (v. 28).

Manmzèl touche Jezi, epi imediatman evidans pou konfians li manifeste ; san li sispann koule. Malgre Jezi te antoure toupatou avèk moun, kan fanm lan touche L, Bib la di yon pouvwa soti sou Jezi (v. 30). Mwen renmen mo Grèk ki itilize la—dinamit. Yon pouvwa explosiv pou chanje yon sikonstans negativ. Jezi di, « Kiyès ki touche M ? » Kanmèm, nan sitiasion sa, se pa t’ nenpòt touche. Okontrè, kiyès ki kontakte pisans Mwen Ye-a avèk konfians li. Lè fanm lan finalman revele kiyès li te ye pami foul la, Jezi di li :

« Piti fi mwen, se konfians ou ki geri w ; ale ak kè poze, ou restore soti anba men afliksion sa » (v. 34).

Bon, e mwen-menm avèk ou, kijan nou kapab deploye pròp konfians nou pou nou envite Bon Die pou Li aji nan sitiasion pa nou tou. Petèt istwa de moun sa yo dwe reprezante exempla pou nou. De modèl nou kapab swiv pou ede nou angaje konfians nou nan mond espiritièl la nan fason ki va pemèt nou wè rezilta nan mond fizik la, pou ankouraje nou chache volonte Bon Die, pou fè yon bon deklarasion, epi pèsevere jiskan prèv pou konfians nou an tou manifeste.

An nou tèmine avèk yon lòt pasaj nan Levanjil Mak la, chapit 11, sou rezilta yon priyè ki fèt avèk konfians, e ak yon kè san haine.

Jezi pran la paròl, li di : Gen konfians nan Bon Die. Anverite mwen di w, nenpòt moun ki di mòn sa, retire w la, al jete w nan lanmè-a, si l pa gen dout nan kè-l, men kwè sa l di-a ap rive, l’ap rive pou li vre. Se sa k’ fè mwen di nou, kèlkeswa sa nou mande lè n’ap priye, kwè nou resevwa yo deja, n’ap wè yo ye pou nou (v. 22-24).

Lè nou kanpe pou nou la priyè, si nou gen yon bagay kont ‘on moun nan kè nou, padone li, pou Papa nou ki nan sièl la kapab padone peche nou yo tou. Si nou pa padone lòt moun, Papa nou ki nan sièl la p’ap padone peche nou yo tou (v. 25, 26).

Papa-a nan sièl la. Jezi Kris leve moute nan sièl la tou. Se Sent Espri-a ki sou tè-a ap viv nan kè nou ki kwè. Sa se pou di, nou enplike nan yon sitiasion konplètman espiritièl. Si nou depan sèlman sou senk sans nou yo, vrèman vre, nou p’ap kapab jwi tout provizion Bon Die ka gen pou nou. An n viv avèk lanmou, vrèman renmen youn ak lòt, epi itilize konfians nou, menm si li tou piti tankou yon grenn moutad, pou nou toujou kapab envite Bon Die nou pa wè ak de grenn je nou yo pou Li aji pou nou lè nou nan difikilte. An nou mete konfians nou nan Li tout bon vre.

© 2012 SayZeal | Sezi l Nèttm

Advertisements
This entry was posted in Medite and tagged , , , , , . Bookmark the permalink.