Ki kote w vle ale? Kisa k’ defi-w yo nan la vi? Refize mediokrite! Kwè nan sa ki dekrete enposib. Kwè nan mèvèy. Kwè nan Jezi Kris.
Tande mwen bien, m’aprann yon bagay, gen dë kan nan mond sa: kan espektatè yo e kan aktè yo. Deside pou aji kòm aktè sou pròp destine-w; kite rès yo pale de ou. Lè kritik pale, se yon testaman ke w sou rout (reyalize vizion-w), ke w’ap viv, ke w’ap fè yon bagay ki itil, ke ou kwè nan Bon Die. Piga w genyen oken problèm avèk sa; fò k’ yo pale sou ou. Se prèv mėn Bon Die sou ou. Se prèv Li rezève w pou yon mision presi. Aprann pieze fòs okontrè, avèk kritik advèsè-w yo. Fò w pa gen perèz de sa moun panse.
Mwen aprann yon bagay, si w vle viv vi-w kòm yon fonksion de diagnostik lòt, anverite w’ap viv nan yon bwat andedan yon bidonville. Ou p’ap jamè akonpli mision-w nan vi sa–jamè realize plen potantièl ou. W’ap abòte kèlkeswa sa l ye w te dwe vini an. Paske, menm pròp papa-w gen pou reve pou ou sa ki pi piti ke desten L’Etènèl rezève pou ou nan panse-L la. Se verite m’ap di w la wi, «Ou dwe ale pi lwen de sa moun panse.» –Ap. R. WAFO, la preuve d’amour
SayZeal | Sezi l Nèttm