Do Kre I S

Matematik nan Oslè

Nan jwèt oslè-a, si memwa editè-a sèvi l bien, si w trouve do-kre-i-s aprè fin’ voye yon men, ou genyen pati-a. Do-kre-i-s, natirèlman, se yon pèmitasion ki difisil pou trouve pou kat zo oslè kle yo. Malgre kapasite entèlektièl mwen pa pemèt mwen fè agiman matematik la–m’ap kite travay sa pou ou pito ; kanmèm, mwen ensiste, se yon agiman lojik : « youn ka prouve, omwen experimantalman, pou kat zo oslè natirèl, li pi fasil pou roule 4-do ou 4-kre ke yon do-kre-i-s. »

Petèt nou dwe fè yon ti kòmantè la avan nou ale pi lwen pou vwazen an, ki pa ase kongo pou te experimante ak jwèt la pèsonèlman. Ann Ayiti, patikilèman Nan Provens yo, ti moun yo konn jwe jwèt yo rele oslè-a. Ki konsiste avèk zo, souvan zo kabrit. An nou di se kat zo prensipal, avèk youn nit ; mwen bliye. Objetiv jwèt la konsiste avèk vire zo yo sou menm bò-a chak pati, pandan w’ap balanse piès nit lan anlè, san li pa tonbe. Konsa : ou

  1. Vire chak zo yo sou do
  2. Vire chak do yo sou vant (kre)
  3. Vire chak zo yo sou bò ki sanble ak yon i-a
  4. Vire chak zo yo sou bò ki sanble avèk s la.
  5. Si w voye do-kre-i-s, ou ka genyen san w pa bezwen jwe, pa senpleman ranmase li.

La, klèman opinion-w envite. Pou youn, ou ka founi règ ekzak yo sou jwèt la. Yon lòt kote ankò, petèt ou deja genyen konnesans experimantal la, oubien pare pou w fè agiman matematik la. Fè m konnen !

An nou retounen sou koze prensipal la—probabilite. Kesion ki enterese nou an se, « ki chans yon jwè genyen pou voye yon men do-kre-i-s ? » Probabilite, ki se senpleman branch matematik ki konsène avèk mezire ki chans ki genyen pou yon evènman rive, adrese problèm kòm sa.

Ankò, men propozision an : anviron ki mwayenn valè men ou dwe piye ou pati ou dwe jwe avan ou trouve yon do-kre-i-s. Avan nou ale pi lwen toujou, an nou dakò avèk yon ti ide, ki pa nesesèman verite an praktik, men ki nesesè pou nou kontinie dialòg nou an. An nou di pou nenpòt nan kat zo oslè prensipal yo, lè w voye youn, chans ou probabilite pou w jwenn yon do, kre, i, ou s egal.

An n kontinie etap pa etap. Chak zo gen sèlman kat chwa : do, kre, i ou s. Ki vle di, chak posibilite gen youn sou kat chans rive. Di yon lòt fason, chak posibilite gen yon probabilite, P = ¼. Imajine si w te kapab voye kat zo oslè prensipal yo youn pa youn (youn a la fwa). Kote yon rezilta pozitiv, ou siksè, reprezante chak posibilite inik. Premie zo w voye-a natirèlman t’ap toujou yon siksè, dèske nenpòt rezilta valab. Ki vle di, premie zo sa gen san pousan chans, oubien yon probabilite P = 4/4 = 1.

Petèt ou di, kamarad, mwen pa swiv ou la ditou. Pa gen problèm. Nou deja dakò chak bò zo yo gen menm chans rive, P = ¼. Pou w trouve yon do-kre-i-s, w’ap chache kat bò diferan, dakò ? Epi, nou sot’ etabli n’ap voye zo yo youn a la fwa. Pou premie zo-a, dèske 4 epas yo vid, epi chak bò gen yon chans ¼, ebien, P = 4 × 1/4 = 1.

An nou di w te trouve yon do avèk premie zo w te voye-a. Yon rezilta pozitiv pou dezièm zo oslè w voye-a, se nenpòt lòt bò ki pa yon doid est, yon kre, i, ou, s. Ankò, sa se paske ou gen sèlman twa pozision ki rete pou ranpli. An plis, akoz chak bò yo gen yon probabilite egal ak yon ka, dezièm zo-a donc gen swasann kenz pousan chans tonbe, ou P = (kre-i-s)/(do-kre-i-s) = 3/4. Kontinie swiv menm logik sa, twazièm zo-a gen yon probabilite siksè, P = 2/4. Final la gen yon probabilite siksè, P = 1/4. Dèske chak zo yo endepandan, probabilite total la se prodwi (ou miltiplikasion) antre kat probabilite separe sa yo. Pou yon chans pou trouve yon lo do-kre-i-s,

P(D.K.I.S.) = 4/4×3/4×2/4×1/4

P(D.K.I.S.) = 4!/44 = 3/32

Selon rezilta sa, youn kapab trouve do-kre-i-s anviron twa fwa sou trann-de fwa l voye oslè yo.

An nou retounen sou la verite. Paske, ou kapab pami moun ki deside pou al’ fè experiman pou tcheke m. Mwen sipoze mwanyenn valè probalite esperimantal la ap pi ba. Ki vle di, an realite, li kapab pran plis ke anviron 32 piye pou trouve 3 DKIS. Poukisa ? Se opinion pa mwen, pou yon vrè zo oslè, li pi fasil pou roule do ak kre, ke i ak s.

Finalman, obzève ke rezilta nou an senpleman di gen 4! (li kòm kat faktorial) mwayen, ou pèmitasion, pou do-kre-i-s. Exampli gratia, si w kòmanse avèk do : DKIS, DKSI, DIKS, DISK, DSIK, DSKI, etcetera. Epi gen kat sou pouvwa kat (44) diferan men ou kapab roule avèk kat zo oslè. Ki provoke yon lòt kesion.

Zo fabrike mwen itilize pou jwe lido-a, fèt an fòm kibik, e gen antre youn ak sis je sou chak fas. Kesion m’ap kite w avèk la se sa : konbien fwa pou w ta roule sis nan zo kib sa yo, pou trouve yon pèmitasion (1, 2, 3, 4, 5, 6), i.e. youn nan chak nimero sa yo sou chak sifas expoze. M’ale. Jwi Matematik !

© 2013 SayZeal | Sezi l Nèttm

Advertisements
This entry was posted in Matematik and tagged , , , , . Bookmark the permalink.