Yon fason oū yon lòt, kèk nan mesie ki t’ap fè djòb ki te parèt pèmanan yo ap kite. Pap la deside li p’ap. Kounia, Chavèz al’ fè rout li tou…pou tout bon.
Mwen pantan soti nan profon somèy pou tande nouvèl Prezidan Hugo Chavèz mouri. Chavèz reprezante tip klasik la, pami sosialist, nan Amerik Latin ak Karayib la. Politisien ki extrèmman popilè avèk baz yo, men ki gen opozision ki egalman fò an menm tan. Sa ki enpresiv la se degre avèk ki mesie sa yo konnen istwa zòn lan, e abilite yo pou peswade yon odians.
Profil Chavèz te vrèman wo. Yon espesialis nan bay Washington tèt fè mal. Li te toujou trouve yon fenèt pou fè klas politik la pale sou li, vle ou pa. Mwen chonje lè mwen te Nou Yòk, kijan yon program pou kenbe malere ak malerèz chofe diran sezon nèj la te atribiye an gran pati kòm kado Chavèz pou Etazini. Yo di politik se bagay ki lokal, pèsonèl; gen verite nan sa wi. Lè w nan bezwen, nenpòt Samariten sifi.
Prezidan Venezela te gen kansè; malgre yon kous tretman Kiba, maladi-a sān dout rezoud nan lanmò-l. Sèlman 58 an’, misie rate emile mak zanmi e idòl li Fidèl Castro.
© SayZeal | Sezi l Nèttm