Pä
Don Polo ak JBeatz
Premie Pati
Depi w là, m santi kè-m poze.
Lè ou pa là, m dekontrole.
Tèlman m renmen w, mwen pasione,
Pi mal k’on moun ki adikte.
Chak jou mwen renmèsi Bon Die,
Pou bèl kado sa Li ban mwen:
Li ban mwen w…
Dezièm Pati
Se wè pou w ta wè bote fanm sa.
Se wè pou w ta wè mache fanm sa.
Kisa m te fè pou m genyen fanm sa?
I don’t know a.
Pa gen lòt fanm menm jan kòm fanm sa.
Twazièm Pati
Yon fanm Ayisièn san parèy,
Avèk yon bote natirèl,
Pi bèl pase sa se mèvèy;
Mèvèy Bon Die ki sot’ nan sièl.
Kisa mwen fè pou m posede w?
Kisa mwen fè, mwen merite w?
Mwen merite w…
Koral la
Lanmou-n gen pou l fleri,
Pote anpil bèl fri,
Love b nou pa ka detwi;
Kè nou deja ini.
Pou sa n deja sibi;
N deja konprann la vi.
Mwen ba ou garanti,
M’ap renmen w pou la vi.
Katriyèm Pati
Chak fwa w gade m,
Kè mwen pran bat san rete.
Ou fè Don lan transfòme.
Ou fè tout and’dan-m vibre, baby.
Chak fwa m gade w,
Ou fè lòlòj mwen vire.
Ou fè Don lan transfòme;
Ou fè tout and’dan-m vibre, vibre, vibre.
{Repete Koral la}
Senkièm Pati
{2x}
Lala la lala
Lala la lala
{3x}
Danse, danse
Danse, danse
Sizièm Pati
(Se lanmou). {Refren}
Chak fwa w gade m
Chak fwa m gade w
And’dan-m vibre
Ou transfòme m
{Repete Koral la}
Setièm Pati
{2x}
Danse, danse
Danse, danse
Baby, baby, se lanmou.
(Se lanmou).
Ou se lanmou,
(Se lanmou).
Ki ka fè m transfòme.
(Se lanmou).
Se lanmou; se lanmou. {Fini}
SayZeal | Sezi l Nèttm
a Mwen pa konnen
b Lanmou [nou pa ka detwi].