Veye pou Devlopman Dirab la

Tou’ dènieman, m’ap tande yon emision Radio Piblik Nasional (NPR), Etazini, kote animatè yo t’ap blage sou youn nan ti eta Nouvo Anglantè yo—an patikilie, ke yon eta pa ta sipoze gen plis senatè ke li genyen eskalatè. Kèk jounalist aparanmman te ekri konsène yon ti eta li di ki gen plis senatè ke eskalie roulan. Dèske chak eta gen de senatè, sa nesesèman vle di se yon eta avèk sèlman yon sèl eskalatè. Mwen pa sonje ki eta ekzakteman, men Rhode Island parèt kòm pi meyè kandida. Emision NPR la se te yon blag kanmèm. Mwen pa kwè gen yon eta ki vrèman gen yon sèl eskalatè vre.

Poukisa tout paròl sa yo sou yon emision radio ? Bon, si w gen lontan ou pa pase nan Ariopò Entènasional Toussaint Louverture-a, post sa se pou ou li ye. Avan dènie vwayaj sa ann Ayiti, mwen pase anpil tan deyò. Lè mwen pa la kay, mwen eseye rete enfòme, men mwen pa sonje anpil detay sou projè pou renove ariopò-a. Imajine sipriz mwen, lè avion-an ateri, angiz pou yon long mach-ekalalie aliminiòm rankontre nou sou tamak la, avion-an aktièlman kochte sou yon pon debakasion. Premie sipriz.

20130815-012221.jpg

Yon eskalie roulan nan ariopò-a

Aprè nou fin’ debake, nou antre andedan ariopò-a. Tout bagay parèt nòmal. Kote ke pa nòmal mwen vle di, tout sa w ta antisipe pou yon ariopò grosè mwayenn sanble te nan plas yo. Natirèlman, lè chwa pou desann nan yon asansè pou premie fwa ann Ayiti presante l, se chwa sa m fè. Dezièm sipriz. Aprè tout diskou long sa, mwen panse w deja realize gen yon eskalatè nan ariopò-a kounia. W’ap trouve non sèlman yon eskalatè, men yon elevatè tou. Epi se pa nwaj, m’ap pale de bagay ki ekziste, e k’ap fonksione nòmalman.

Men sa ankò mwen trouve enteresan. Mwen ateri Miragwän, e jwenn yon bèl ti pak nan kafou-a. Mwen pa konnen si se yon travay ki fèk fèt, ou si otorite yo senpleman pa pemèt aksès, men pa t gen moun andedan. Gen moun kanmèm k’ap jere plas la. Gen kèlke zwazo and’dan, peon mwen kwè, ak de ou twa makak tou, nan yon kaj.

20130815-013111.jpg

Pak nan kalfou Deriso-a, Miragwän

Pèsonèlman, mwen pa souvan jwenn okazion pou di konsène yon sign de progrè pozitiv, « sa se gras a efò gouvènman federal la. » Nan ka sa se wi. Mwen pa prè pou ba w yon defans ke gagòt p’ap fèt, ni fo promès nasional ou entènasional pa ekziste. Mwen senpleman ofri w jistifikasion pou yon depans anviron 1 milion a 4 milion dola Ameriken, estimasion pa-m, avèk ase espas pou magouy.

Li t’ap vrèman bèl si se te bagay ki pa t pre ale abandone nan kèlke jou. Se pa san rezon mwen pale ; paske, yon bèl pak parèt fèk bati, men sa ki nan sant vil la prèske neglije. Majorite ban yo fin’ kraze. Li itil kanmèm ; youn toujou kapab soulaje l la anba yon solèy matchavèl. Plis, moun yo fè efò pou yo kenbe l pròp. Mwen pèsonèlman obzève yon fanm ap pròpte la. Gouvènman (lokal ou federal, mwen pa konnen) peye l yon ti kòb pou sa.

20130815-012720.jpg

Kiyès misie sipoze ye ankò?

Epi, anpil debri tranbleman de tè-a yo netwaye. Li parèt, selon sa m wè, yo itilize majorite materièl sa yo pou konble bò lanmè-a. Li parèt tou gen yon diminision nan kantite bidon ville ki nan Kapital la. Tout se pou di, selon mwen-menm, gen chanjman pozitiv k’ap fèt.

Mwen ba ou nouvèl mwen trouve ki bon sou rout pa-m. Se ta plezi-m yon jou pou m ta wè ase pou dedie yon atik sèlman sou pozitivite. Malerezman, nou tou’ de konnen, bon nouvèl–sou peyi nou an–pa yon boufe varie, men pito yon seleksion à la carte limite.

Konsène ban twa problèm lan, mwen pa konnen ki degre progrè ki fèt nan dènie dekad la. Obzèvatè sa pa wè tròp chanjman sou yo.

  1. Elektrisite toujou sporadik ; si w genyen l, ou pa kapab konte sou li. Pou majorite peyi-a, pouvwa elektrik la toujou prèske pa ekziste. Sepandan, mwen wè kèk ti Komin nan Depatman Grand Ans lan k’ap itilize panèl solèy pou mete kèlke poto nan plas piblik yo.
  2. Maladi Oriantal enpòte-a toujou ap fè ravaj. Sous dlo yo kontamine, epi se li-menm pitit malere ak malerèz yo ap bwè. Si sa pa yon ensantiv pou nou sispann fè grimas nan peyi-a, epi envite fòs etranje ladan l, nan prosès la expoze tèt avèk radòt nou pa konnen, mwen pa konnen kisa n’ap ret’ tann.
  3. Peyi-a kontinie parèt toujou enkapab pou rezoud problèm fatra nan vil yo. Sanble ke youn pa jamè trò lwen yon pil fatra. Sa pa kapab bon pou sante pèsòn. Genyen solision, ki petèt difisil, men meyè ke status quo-a kanmèm Pòtoprens.

Veye pou devlopman dirab la nan kwen pa-w la. Sa pa konsiste de tank e kanon yo ou wè sou rout la yo, men se yon chanjman k’ap afekte vi ou dirèkteman e pozitivman. Mwen garanti w, lè ou wè l, w’ap rekonè li.

Finalman, si vi-w sanble li plis nan pogatwa ke li nan paradi, mwen regrete sa pou ou. M’espere ou jwenn delivrans w’ap chache-a. Tout fason, Ekriven sa di l, paske li kwè l avèk tout èt li : Ayiti se Tè-Promès pa-w la li ye–ou dwe jere l. Pou jiskan nou rankontre ankò an paròl, yon benediksion sou vi-w. Fè sa ki itil, e priye pou Ayiti.

© SayZeal | Sezi l Nèttm

This entry was posted in Nouvèl, Opinion and tagged , , , . Bookmark the permalink.