Kite M Viv Alèz

Mwen souvan site yon ti fraz m’atribiye avèk R. Wafo, ki di, « Si w vle chanje yon nonm, ou dwe chanje mantalite-l ; chanje fason l panse. »  Nou ensiste ke teyat yon nonm jwe, ou pi presizman kite ap jwe nan sèvo-l, enpòtan ; paske, aksion presipite pa panse, ide, rèv, imajinasion, etc.  Anpil problèm k’ap trakase yon nonm pa nesesèman baze sou sa yon jig nit ta klasifie kòm reyèl, men ki vrèman reyèl pou nonm sa kanmèm, paske nan panse-l yo reyèl.

Ki fè nou afime, chanjman nan atitid nonm sa, kòmanse pa chanje piès teyat k’ap jwe nan tèt li-a, ki pa chans kapab ofri l yon nouvo pèspektiv, ki va finalman modifie aksion-l yo.

Sa ki vrèman enterese nou an, se pa kòmansman processus sa, men finisman-l.  Se pa fòseman rèv, vizion, ou ide yo ki enterese nou, men rezilta ke yo kapab prodwi yo.  Dèske nou sipoze aksion negativ yo presede pa panse negativ.  Nou wè yon paralèl kòm avèk yon rekòt ki depan sou semans ki te plante yo.  Pa konsekans, panse kreyativ tou, ta dwe swiv pa aksion kreyativ. Epi, nou propoze, yon nonm k’ap panse bien, pa kapab ap aji sitèmatikman mal.  Nou p’ap menm konteste ke sa ka rive pafwa, men klèman pa toujou.

Tout paròl sa yo se ide sou rout esperans, progrè, meyèman ; malerezman, konsekans nou jwi ou sibi yo rete konnekte sèlman avèk aksion nou. J. Ruskin kristalize l pou mwen, lè li di, « Sa nou panse, ou sa nou konnen, ou menm sa nou kwè, nan analiz final la, pa genyen oken konsekans.  Sèl sa ki gen konsekans, se sa nou fè. »  Si w vrèman kwè yon bagay, l’ap fini pa afekte aksion-w.  Yon lòt kote li ekri, « Nou chak dwe parèt devan tribinal […], pou resevwa rekonpans pou sa n te fè […], bien ou mal. »

Li pa chape m, etranj maladi mwen wè, tristès m’ap tande. Kalamite mwen wè ; tray m’ap tande.  Li espesialman pa chape m ke nou souvan panse rezolision defo pou yon dezagreman politik se yon coup d’état.  Sitwayen an ensiste li renmen peyi-l.  Dakò !  Se aksion-l yo mwen doute.  Chak fwa l rale gachèt li, file manchèt, limen boukan-l, gasifie Père Lebrun-l, li kreye yon kriz ki nesesite yon mision touristik ou teyoristik militè.  Epi, ak chak mission militè, expoze peyi frajil avèk nouvo risk maladi.

Mwen senpleman vle wè de-twa jenerasion ki pa konn’ gou okipasion.  Yon sèl jenerasion ki pa janm viv anba opresion lwa masial, makout, chimè, ou kèlkeswa tit adapte pa group malfektè à la mode la.  Epi, èske m kapab jwi lajan-m, san enkietid yon zenglendo ap siveye m pou kidnape m.  Non monchè, m p’ap tire l—vòlè-a s’on Ayisien l ye tou. An plis, tè sa goute tròp san deja.

Kilè yo va finalman bay Bernard viza ?  Epi tou, la vi Nou Yòk sa diaspora—di m non, l’ap toujou nesesè ?  Lò ak diaman k’anba pie-m lan, mwen kapab jwi ladan-l tou souple. Poukisa malerèz sa pa gen oken dwa nan pròp peyi-l ?  Chanjman, ala bagay difisil. Progrè…ala bagay pran travay.  Jistis—pou di sa menm ekziste pou malere ?  Mwen chwazi yon vi long sou tè-a si Kris la pran tan-l retounen.  Pemèt mwen viv li alèz mezanmi.

© SayZeal | Sezi l Nèttm

This entry was posted in Medite and tagged . Bookmark the permalink.