Mwen pa Jènjan
Pä
L. P. Juanito BEAUBRUN
Chapit I
Sa se premie chapit la, nan liv m’ekri pou ou-a.
Yon liv ki chaje verite. Cheri tande, tande…
1 Mwen konnen m pa jènjan.
Kijan pou m prouve w sa m santi-a.
Sa se yon touman, drôle de sentiment. Ye, ye, ye.
M pa konn’ si w te marie non ;
Ni m pa bezwen konnen si w divòse.
Se prezan k’ konte ; m prè pou m bliye. Ye, ye, ye.
2Cheri, tanpri souple, di mwen kijan w vle m ye.
Ou vle m tèt kale, oubien gro cheve ?
Ou ta renmen wè m gen yon jdrèd k’ap pouse.
Kèlkeswa jan w vle, cheri m’ap ye.
3Èske se mwen ou vle ki pou fè manje ?
Pou m lave asièt ; pase twal mouye.
Ranmase rad ou, met’ nan kivèt, pou m lave.
[Alt. M Konnen gen anpil fi, se sa y’ap chache].
Kèlkeswa jan w vle, cheri m’ap ye.
Kèlkeswa jan w vle, m di w :
Koral la
Paske mwen lovea, love, love, love.
Love, mwen di w, my Love.
Paske mwen love, love, love, love.
Love, mėn my love…
Chapit II
Sa se dezièm chapit la, nan liv m’ekri pou ou-a.
Yon liv ki chaje verite. Cheri tande, tande…
1Menm si m pa jènjan, non.
Men, m ka di w, pou bote Bon Die ba w la, m fè L konpliman.
Mon Dieu tu es grand, franchement, tu es grandb. Ye, ye, ye.
2Ou te mèt ban m fè djòb la bebe.
Di tout moun yo se mwen w anplwaye.
Mwen pa bezwen lajan, [salè-m] se pou m avè’ w sèlman.
3Cheri, tanpri, di mwen kijan w ta vle ale.
Sou cheval, bisiklèt, oubien voiture privé ;
Ou si se sou do-m ou ta vle moute.
Kèlkeswa jan w vle, cheri m’ap ye.
4Eske chak swa ou vle m ba w konsè prive.
Pou mwen rale gita-m, sān rete, ap chante,
Mizik Rodrigue Milien oū Toto Nécessité.
Kèlkeswa jan w vle, cheri m’ap ye.
Kèlkeswa jan w vle, m di w :
Koral la
Paske mwen love, love, love, love.
Love, mwen di w, my Love.
Paske mwen love, love, love, love.
Love, mėn my love…
Chapit III
Sa se twazièm chapit la, nan liv m’ekri pou ou-a.
Yon liv ki chaje verite. Cheri tande, tande…
1Fèm tounen twa ròch dife-w, pou chodiè-w bien chita.
Non, m p’ap janm’ sèvi w zorie ; mwen pito sèvi w dra.
Tankou Richie di, « Si m te ka kilòt ou mete,
mwen t’ap renmen lè w sal, pou mwen ka pi bien respire. »
Se lè bagay yo mal, pou w konn’ ki moun ki renmen w vre.
Ou wo, ou wo. Ou wo, ou wo, wè.
2Cheri dejwe-m, jwe-m, oule mwen.
Privatize-m, depie-m, transfòme mwen.
Ankese-m, mare-m, minote mwen. Wè, wè ; wè, wè ; wè, wè.
3Analize-m, etidie-m, resite mwen.
Moutre-m ou vle m, tankou w pa ka’ dispanse mwen.
Tèlman m renmen w, ou fè m bliye tout rès paròl mwen. {Fini}
SayZeal | Sezi l Nèttm
a Renmen (de anglè). Itilize là avèk nouwans.
« Paske mwen d’amou… M d’amou, mwen di w, Amou.
Paske mwen d’amou… Amou, men lanmou-m. »
b Die mwen, ala ou gran ; franchman ou gran.