Pä
Beken
Koral
Afè-m pa bon nan Kapital,
M’ap retounen nan peyi mwen.
Se la mwen né, lonbrik mwen antere.
Fò m tounen, nan peyi an mwen.
i
La vi sila–franchman ala panse mwen panse w.
Lè pou m dòmi, se toudi an touman,
[Avan] pou m jwenn, yon ti somèy…
ii
Pafwa m rete, m’al chache kay yon bon ti zanmi ;
Se toujou nan yon bon ti odians,
Pou pèn mwen ka soulaje.
Pou pèn mwen ka soulaje.
… … …
iii
Gade depi m piti,
Mwen poko janmen wè, kote apse grangou touni
Konn’ donnen sou klou la mizè.
La kay…, nenpòt kijan, sa pa pi mal.
iv (2x)
Ayayay, afè-m pa bon.
Pouki’ m’ap fè tèt mwen pase mizè konsa ?
Anverite, pito m retounen nan peyi mwen.
Ayayay, afè-m pa bon.
Pouki’ m’ap fè tèt mwen pase mizè konsa ?
Anverite, pito m retounen nan peyi mwen.
{Repete koral la 1x}
Afè-m pa bon nan Kapital,
M’ap retounen nan peyi mwen.
Se la mwen né, lonbrik mwen antere.
Fò m tounen, nan peyi mwen. {2x}
… … …
{Repete koral la 1x. Fini}
Afè-m pa bon nan Kapital,
M’ap retounen nan peyi mwen.
Se la mwen né, lonbrik mwen antere.
Fò m tounen, nan peyi mwen. {mx}
SayZeal | Sezi l Nèttm