Ou Pati

Ou Pati


Michaël Benjamin

i

Premie jou m rankontre w,
Kè mwen manke rete.
Sa m t’ap chache anlè,
Men mwen jwenn li atè.
Sa te fè m plezi,
M te genyen w kòm zanmi-m.
Yon moun pou konsole m,
Lè m te gen dlo nan je-m.

Koral

Ou pa kite mwen.
Pou bèl moman nou te pase,
Kounia n’oblije separe,
Se sa li ye, yea… !
Ou pati kite mwen,
Se avèk ou ke mwen vle ye,
Sān ou la vi mwen pa konble,
Tounen souple, yeah.

ii

N te pase des années
Nou pa t’ janmè bouke,
Ban m yon rezon ki fè
Relasion an pa mache.
Doudou cheri,
M te fè tout sa w’anvi.
Pouki’ ou kite mwen.
M’ap mande w retounen.

Koral

Ou pa kite mwen.
Pou bèl moman nou te pase,
Kounia n’oblije separe,
Se sa li ye, yea… !
Ou pati kite mwen,
Se avèk ou ke mwen vle ye,
Sān ou la vi mwen pa konble,
Tounen souple, yeah.
… … …

iii

Depi ke ou ale,
Mwen santi m chavire.
Mwen ta mande Bon Die,
Kisa m fè m’ap peye.
Sa te ban m maltèt,
Alors m’ekri w yon lèt,
Pou m di w jan mwen renmen w.
Mwen ta renmen avè w.

Koral

Ou pa kite mwen.
Pou bèl moman nou te pase,
Kounia n’oblije separe,
Se sa li ye, yea… !
Ou pati kite mwen,
Se avèk ou ke mwen vle ye,
Sān ou la vi mwen pa konble,
Tounen souple, yeah.

SayZeal | Sezi l Nèttm

This entry was posted in Chanson and tagged , , , , , , . Bookmark the permalink.