Kè-m Chavire

Ernest Salvant

Aksidan

Tinès Salvant

Pasaj 1

Nan vizionnen w, kè-m chavire.
Li kraze ; l fè miyèt moso.
Fò m ta jwenn yon djakout bo bo
Pou l remare.

Nan admire w, jan m dechire.
Nan gad’ a lè w vire tounen w,
Ou pwazonnen m ;
M santi m renmen w–
Kè-m chavire.

Ti souri-w, ti rega-w,
Touye mwen d’amou.
Lè w souri, se tankou ‘on solèy k’ape leve.
Lè w gade m, tankou w’ap touye m ak je ou.
Tout sa k’ te fènwa nan mwen-menm
Te vin’ klere. Ou wo…

Pasaj 2

Nan pasionnen w, sèvo-m bloke.
M di nou medsen rete bouch pe.
Menm youn nan yo pa ka trape * sa ki rive m.

Malgre la sians ap evolie,
Maladi ke lanmou kreye,
Se pa fasil pou w drese ‘on kè ki chavire.

Si se pa ti bo bo, je dous, souri,
Maladi sa yo p’ap janm’ gen yon gerizon.
Sèl lanmou ki gen pouvwa pou geri.
Lanmou se yon bagay ki sān lwa ni sezon.
Mmm…

Pasaj 3

Nan vizionnen w, kè-m chavire.
Nan admire w, jan m dechire.
M’ap tann bo bo-w
Pou drese kè-m ki chavire.

Nan pasionnen w, sèvo-m bloke.
Malgre soufrans, m’ap espere.
M’ape tann ou pou vin’ sove m ;
Kè-m chavire.

Se pa fasil pou w drese ‘on kè ki chavire.
Fò m ta jwenn yon djakout bo bo
Pou l remare.

Ou pwazonnen m.
M santi m renmen w–
Kè-m chavire.
M’ap tann bo bo-w
Pou drese kè-m ki chavire.
M’ape tann ou pou vin’ sove m ;
Kè-m chavire…

Fini {2x}

’Re… ayayay.
’Re…

SayZeal | Sezi l Nèttm
*Trape. De atrape. Kenbe. Trete.

This entry was posted in Chanson, Literati and tagged , , , , , , , , , . Bookmark the permalink.