Pä
Syto Cavé
Timoun, sispann gade m. M gri ‘kou ‘on po silaben. Fè kòm si se pa mwen nou ta wè k’ap pase, men lonbraj sa m te ye, k’ap chache vie krabèl sou teritwa chimè.
Fanm lan bèl—
‘Kou ‘on bouji pour les morts sou yon kavo senmitiè.
Fanm lan bèl—
‘Kou ‘on pie lorie solèy ap bonbade.
Fanm lan bèl—
‘Kou ‘on papiyon la liń ap krisifie sou yon twal arenyen.
Fanm lan bèl—
‘Kou ‘on bòl dlo fre yon jandam ki gen kè ta ofri ‘on prizonie.
Fanm lan bèl—
‘Kou ‘on piès dë-gouden sou chemen vant kòde.
Fanm lan bèl—
‘Kou ‘on ti bouji zenk kòb nan koridò trezò.
Fanm lan bèl—
‘Kou ‘on zanno lò nan ‘on kannari gran fon.
Fanm lan bèl—
‘Kou ‘on palèt sèvolan lè van ap soufle fò.
Fanm lan bèl—
‘Kou ‘on pasdlo sou Chemen Maroule.
Fanm lan bèl—
‘Kou ‘on panyen flè nan prosesion fèt Die.
Fanm lan bèl—
‘Kou ‘on rèn chantrèl sou Rout Latiboliè.
Fanm lan bèl—
‘Kou ‘on papiyon k’ap danmbala sou do Mòn Makaya.
Fanm lan bèl—
‘Kou ‘on gèp Panyòl, anvan l mòde w.
Se pa vip pip, kale, bouyi, ni ‘on labouyi w’ap manje sou kote. S’on fil ki pa janm ka fini. S’on istwa k’ap rekòmanse.
Fanm lan bèl. Fanm lan bèl…, fanm lan fèk kare bèl!
SayZeal | Sezi l Nèttm