i
Bèl ti bouch ou, pou m fè ti tòtòt.
Si m ’trape a sa, m p’ap janm’ fè yon pòt b.
Dë bèl je-w, pou w klere mwen,
Joli men-w, pou w manyen mwen,
Si m ’trape sa, m p’ap janm’ fè yon pòt.
ii
Vie ti men mwen, p’ap janm’ bezwen lòt.
Bèl anw chouchou, (la la la, lala lala).
Fè m vin’ pou ou, (la la la, lala lala).
Mwen wè chak fwa kè-m moute bwa.
Mwen pèd’ paròl ; mwen san kontròl.
iii
Kè anm pantan cheri, (la la la, lala lala).
Mwen pran kouran, (la la la, lala lala).
Tanpri souple, fè ‘on avanse,
Tou pre m, pou m pa dezespere.
Wo ou wo ou wo… Mm mm mm.
iv
Dë bèl ti pòm dë men-w, pwent file.
Kan m gade yo, m tonbe kalkile.
Tout ou se yon mas suifer c, bèl chato, pòtal dife.
Si m rantre là, m’ap janm’ fè yon pòt.
N’ap d’amou nan sezon, ni rekòt.
Bèl anw chouchou, (la la la, lala lala).
Fè m vin’ pou ou, (la la la, lala lala).
v
Mwen wè chak fwa kè-m moute bwa.
Mwen pèd’ paròl ; mwen san kontròl.
Kè anm pantan cheri, (la la la, lala lala).
Mwen pran kouran, (la la la, lala lala).
Tanpri souple, fè ‘on avanse,
Tou pre m, pou m pa dezespere.
Wo ou wo ou wo… Mm mm mm.
vi {2x}
Feeling d ou ban m fè m santi m dyanm.
Ou anpwazonnen m. Kote w ye cheri,
Pa kache tanpri.
Ou mèt mare m, anprizone m,
Depi ou renmen m, ban m tou sa ki dous,
M’ap rete pou ou.
vii {2x}
Men bèl bouch ; men boul sik.
Men flanm dife w cheri.
Manje-w vle gaspiye. Se pou ou sèl yo ye.
Men bèl bouch ; men boul sik.
Men flanm dife w cheri.
Manje-w vle gaspiye. Se pou ou sèl yo ye.
Fini
Feeling ou ban m fè m santi m dyanm.
Ou anpwazonnen m. Kote w ye cheri,
Pa kache tanpri.
SayZeal | Sezi l Nèttm
a Atrape. Si m atrape sa [i.e. bouch ou], m p’ap janmè fè yon pá.
b Pá, avanse devan, pati, ale.
c Tout ou se bòl grès mwen
d Santiman. Santiman ou ban m, fè m santi m dyanm.