Pä
KAÏ
Prezante :
Richard Cavé
Entro
Ayay, ayay. Ou, Ayay, ayay. Ou, ayay, ayay.
i
Sa fè deja lontan, ke n’ap travay sou menm projè.
Chak jou n’ap fè deba, se yon fason pou n ka wè klè.
N’ap bay mėn, n’ap pountche, e nou menm fè overtimea
Se sa travay la mande. Fò n pa dekouraje.
ii
Tan vin’ pase sou nou. Se vre, defwa, mwen fè erè.
M’eseye. Malgre tout, w santi w’ap pèdi enterè.
Ou pa menm ban m préavisb. Se tankou kontra m fini.
Men nou pa sou menm paj.
C’est dommage, ou gentan baisser les bras.
Koral
(Cheri w demisione). Ou lage m.
(Sanble w demisione). [Tande.]
(Cheri w demisione).
Gran maten sa w gentan soti pou w ban m lage-a.
(Cheri w demisione). Lage-a.
(Sanble w demisione). [Lage-a.]
Cheri w demisione).
[Gran maten sa w gentan soti…]
iii
Se tankou w minote m. Cheri fò w di m kote m kanpe.
Èske w’ap kite m, oubien fò k’ mwen demisione.
Ou pa menm ban m préavis, se tankou kontra-m fini.
Men nou pa sou menm paj.
C’est dommage, ou gentan baisser les bras.
Koral
(Cheri w demisione). Ou lage m.
(Sanble w demisione). {Tande}
(Cheri w demisione).
Gran maten sa w gentan soti pou w ban m lage-a.
(Cheri w demisione). Lage-a
(Sanble w demisione). [Lage-a.]
Cheri w demisione).
{Gran maten sa w gentan soti…}
Zen
Woy ! Kade ‘on KAÏ. (Sa s’on lòt bagay !)
Nan kay sa :
(Go tell your mamma. Don’t need no drama).
Thank youc.
(Cheri w demisione !)
Pa gen jwèt nan sa.
Epa w sezi.
Sa tout nèf.
… … …
Bozopodop. Bozopodop.
iv
Si ou pa vle m okipe post sa, fò w gen kouraj pou w di m.
(Djòb mwen menase). Cheri. (Pa gen sekirite).
Si ou santi se ou ki bòs la, fò w gen kouraj pou w di m.
(Djòb mwen menase). Non Cheri. (Pa gen sekirite).
Menm si w ban m ’on milion d’ dola, m sèmante, mwen p’ap fè ‘on pá.
(Pa bay tèt ou manti). Non cheri. (Djòb sa pou la vi).
Menm si pou m’al’ nan lanfè, pou m goumen ak Lisifè.
(Pa bay tèt ou manti). Non cheri. (Djòb sa pou la vi).
v
Si ou pa vle m okipe post sa, fò w gen kouraj pou w di m.
(Djòb mwen menase). Tande. (Pa gen sekirite).
Si ou santi se ou ki bòs la, fò w gen kouraj pou w di m.
(Djòb mwen menase). Non Cheri. (Pa gen sekirite).
Pa gen sekirite !
… … …
Koral
(Cheri w demisione). Ou lage m.
(Sanble w demisione). [Tande].
(Cheri w demisione).
Gran maten sa w gentan soti pou w ban m lage-a.
(Cheri w demisione). Lage-a
(Sanble w demisione). {Lage-a}
Cheri w demisione).
[Gran maten sa w gentan soti…]
.vi
(Cheri w demisione). {refren}
Se lè m pr’al’ bon an…
Lè pr’al’ ba ou bag mariaj la…
Se lè m pr’al’ ba w maison an…
[var. Lè m pr’al’ ba ou bon papie-a.
Lè m pr’al’ konte kòb la.]
Se lè Kaï la pr’al’ takeoffd la…
Ou kite-m, ou kite m, ou kite m… {2x}
Pou malè-w.
SayZeal | Sezi l Nèttm
a Tan double, travay extra, heures supplémentaires
b Avèti. Avètisman, an patikilie, ke youn pr’al’ pèdi travay li
c Al’ di manman-w. Mwen pa bezwen oken problèm. Mèsi.
d Vole, dekole, reyisi