Kè Kraze ak Mizè
Pä
disip
(Orij. Jealous, de Labrinth)
Prezante:
Gazzman Couleur ak
Dener Ceide
i
Mwen jalou pou lapli.
Lè m wè l tonbe sou po-w, li nwi m.
Paske l rive kot’ mėn-m pa t’ janm’ rive.
O wi mwen jalou menm pou lapli.
ii
Mwen jalou lè m vè van,
Pou jan l flote anba jipon-w,
Jan l vante nan mitan lonbraj ou.
O wi mwen jalou menm pou van.
… … …
Koral
Mwen swete w, mwen swete w,
Tout sa ki bon pou ou.
Mwen sonje m te di ou, lè w ta pr’ale-a,
Ou pa bezwen menm padone m.
An pansan ke w t’ap ‘tounen,
Pou w vin’ di m, all you found was
Heartbreak and misery 1.
Li difisil pou m di w,
Mwen jalou lè m gade,
Jan kè-w kontan san mwen.
iii
Mwen jalou pou lan nwit.
Tout nwit mwen pase sān ou.
Nan panse ak moun ki bò kote w.
Ou wi mwen jalou menm lan nwit.
iv
Mwen jalou pou lanmou.
Lanmou sila ki te pami nou.
Jodi-a s’on lòt moun k’ap rele w doudou.
O wi mwen jalou pou lanmou.
Koral
Mwen swete w, mwen swete w,
Tout sa ki bon pou ou.
Mwen sonje m te di ou, lè w ta pr’ale-a,
Ou pa bezwen menm padone m.
An pansan ke w t’ap ‘tounen,
Pou w vin’ di m, all you found was
Heartbreak and misery.
Li difisil pou m di w,
Mwen jalou lè m gade,
Jan kè-w kontan san mwen.
… …. …
Zen {2x}
Sanble m p’ap ka jere sa,
M pa gen fièl pou m di, jere jan m wè w la.
Non mwen p’ap kapab.
v
M pa t atann mwen ak jou sa.
Pa t kwè m t’ap rive la.
Fin’ derekonèt tèt mwen.
Mwen tonbe fò nan pièj ego-m.
Dlo nan je-m ap nwaye m,
Lè m wè m pèdi tout bien m.
Lè m sonje sa n te genyen,
Mwen chaje ak regrèt nan kè-m bebe.
Zen {2x}
Sanble m p’ap ka jere sa,
M pa gen fièl pou m di, jere jan m wè w là.
Non mwen p’ap kapab.
vi
M pa t’ atann mwen ak jou sa.
Pa t’ kwè m t’ap rive la.
Fin’ derekonèt tèt anm.
Gad’ jan m tonbe nan pièj ego-m.
Dlo nan je-m ap nwaye m,
Lè m wè m pèdi tout bien m.
Lè m sonje sa n te genyen,
Mwen chaje ak regrèt nan kè m bebe.
Cheri m mizerab!
SayZeal | Sezi l Nèttm
1 Sèl sa ou te trouve se kè kraze avèk mizè.