Kouraj Frè-m

Mwen fenyan pase tout nonm sou la tè.
Si se pa vre, pou ki rezon perèz
Domine vi-m konsa. Mėn konsèy frè:
Ou kapab rich, men renmen ‘on malerèz.
Moun anwo kòm moun anba tout se moun.
Edikasion konte, men li pa tout.
Yon zanmi k’ t’ap chache, vin’ trouve youn
Sān yon atribi distenge, sou rout
Fènwa, sān l pa t’ konnen se t’ap limiè-l
Li ye: Yon rèn, anj gadien, gid etwal.
Bèlte se vanite, men w miyò bèl.
Bat fè pa t’ ba l anpil, men li te ba l.
Fè chwa pà-w la; kontante w ak li bien.
Nou chak gen pou defann nou sèl an fen.

© SayZeal | Sezi l Nèttm

This entry was posted in Konsèy, Literati and tagged , , , . Bookmark the permalink.