Pä
Nickenson Prud’homme ak
Ralf Papillon
i {2x}
M fè anpil aktivite
Pou fè jounen mwen pase,
Men mwen pa janmè rive
Efase ou nan nanm mwen.
M fè priyè, je crois en Dieu 1,
Explike tout sa m gen bezwen.
Olie m santi mwen bien,
M’ap soufri ak la pèn.
Santiman ou malen, e
Kè mwen bouke galonnen.
Menm m konnen ke lanmou
Ap fè m kwaze w
Nan ‘on chimen jennen.
Jou sa n’ap, fas-a-fas,
Nan yon bèl plas.
… … …
ii
Nan jwèt sila, m p’ap fè koken.
M p’ap wont pou m mete m ajenou
Nan pie-w, pou tout yon jounen,
Jis tan w lonje mėn-w ban mwen.
M’a di w bèl mo ak parabòl,
Bagay ke m te aprann lekòl,
Di w jan m santi m an Kreyòl.
Z’afè-w, ou mèt rele m kreten.
Koral {2x}
Se pou lanmou
Kenbe w ban mwen,
Pou m fè ‘on koka bò kou-w.
An n kòmanse,
Kòmanse ak l’amitie,
Pou jis tan nou renmen.
iii
Se konsa m ye lè mwen renmen,
Lanmou enspire m tout jounen.
M chante pou le mond tande m,
Pou tout nasion fredone m.
Pou si yon jou w’ale bien lwen m,
Si w ateri Afrik Ginen,
Se pou radio tonbe jwe,
Mizik ki pou fè ou sonje m.
iv
{Repete Koral la 1x}
An n kòmanse,
Kòman ak l’amitie,
Pou jis tan nou renmen.
… … …
{Repete iii}
Fini
Se pou lanmou
Kenbe w ban mwen,
Pou m fè ‘on koka bò kou-w.
An n kòmanse,
Kòmanse ak l’amitie,
Pou jis tan nou renmen.
SayZeal | Sezi l Nèttm
1 Mwen kwè nan Die
Google Translate | Microsoft Translator