1 Beni se yon nonm ki pa mache selon konsèy mechan, ni kanpe sou rout pechè, ni chita nan chèz mokè;
2 Men ki trouve plezi li nan lwa Segnè-a, e ki medite nan lwa Li jou e nwit.
3 L’ap tankou yon piebwa plante arebò riviè dlo yo, ki toujou prodwi fwi li nan sezon-l, ke fèy li pa janmè fennen; kèlkeswa sa li fè ap prospere.
4 Li pa konsa pou malfektè yo. Yo tankou pay ke van soufle bote ale.
5 Se poutèt sa, mechan yo p’ap kapab kanpe nan jou jijman, ni pechè yo nan asanble moun dwat yo.
6 Segnè-a konnen chemen moun dwat yo, men chemen mechan yo ap peri.
© SayZeal | Sezi l Nèttm