Pä
Daan Junior
i
Wè mwen wè w, kè-m kontan.
Mwen s’on anj ; m’ap chante.
Tankou ‘on la manne du ciel,
Se ou menm m t’ap ret’ tann.
Se ou ke mwen renmen.
Pou ou sèl m gen anvi.
Nan vi-m se ou mwen wè ;
Ou k’ fè kè-m palpite
Koral
(J’ai soif de toi.
C’est toi que j’attends 1.)
ii
Ma’p fin’ depafini,
Fò w ta nan mwen, pou w konprann.
Tankou ‘on ti moun dë z’an’,
Fò w ban m mėn pou m leve.
Dë montay pa janm’ ‘kontre,
Men nou dë, n ka kwaze.
Si w tande vwa-m k’ap chante,
Panse ankò m’ekziste.
Koral {2x}
(J’ai soif de toi.
C’est toi que j’attends.)
iii
Leve z’ie ou gade,
z’Etwal mwen k’ap file.
Santi m pr’al’ tonbe ;
Lonje mėn ban mwen.
Vire tèt ou gade mwen,
C’est toi que j’attends.
O non non.
Koral {2x}
(J’ai soif de toi.
C’est toi que j’attends.)
iv 2
Se ou ki sèl repons,
A tout kesion mwen yo.
Mwen mande ou ban m mėn-w,
Pou gide ekzistans mwen.
Mwen mete kè-m anba pie-w,
Se desten tout nonm sensè.
Mwen ofri w tout lanmou-m.
Ban mwen kè ou pou la vi.
… … …
Zen
(C’est toi que j’attends).
Se ou menm m’ap tann.
(C’est toi que j’attends).
v {2x}
(I want you.
I Love You.
Crazy for you 3).
vi
Pandan m t’ap mache,
Mwen tande vwa ki rele m.
Vire, m gade dèyè,
Se la m konprann,
Se reve ke m t’ap reve.
Si tout fwa w’ap koute m,
Konprann kisa m santi.
Pou ou menm sèl z’ie-m ouvri ;
Pou sèl ou menm mwen gen anvi.
{Repete pati v}
{Repete pati iv}
{Repete Koral la}
Fini {2x}
(I want you.
I Love You.
Crazy for you).
SayZeal | Sezi l Nèttm
1 Mwen swaf pou ou. Se ou menm m’ap tann.
2 Tèxt orijinal:
Tu es la réponse,
A toutes mes questions.
J’ai besoin de tes mains
Pour guider mon existence.
Je mets mon cœur à tes pieds.
C’est le sort d’un homme sincère.
Je t’offre mes nuits d’amour.
Donne-moi ton cœur pour la vie.
3 Mwen vle ou. Mwen renmen w. [Mwen] fou pou ou.