M’ap Renmen w Toujou

Alan Cavé Se pa pou Dat
Je t’Aimerai Toujours

Alan Cavé

i

Pa trò lontan de sa,
Ou t’ap di mwen,
Jan w renmen mwen.
Jan w renmen… mwen.

Jodi-a, w’ape ban m yon lòt istwa,
Kòm [si] ke w vle di m konsa,
Fò n ralanti sou sa.

Santiman ou mele.
Ou poko konn’ sa w vle.
Ou poko… deside.

Lè w pare, w’a di mwen tande ;
Paske, se tout mwen vle.
M pa vle anyen a mwatie.

Koral

M’ap renmen w toujou,
Menm nan absans ou.
M’ap renmen w toujou,
Menm nan soufrans mwen.

Ale, pran tan ou.
Pa enkiete w, m’ap tann ou.
M prefere pèdi ou,
Ke m gen moso nan ou.

ii

Pa trò lontan de sa,
Ou te fè m kwè,
Avè’ w m t’ap jwenn bonheur.
Avè’ w m t’ap jwenn bonheur.

Jodi-a, rèv an nou vole gagè.
Reyalite sa anmè.
S’on kout epe nan kè-m. Aw !

M’ap kenbe, pou mwen pa lage.
And’dan-m ap dechire.
Mwen santi m boulvèse.

Lè w pare, ou va di mwen tande ;
Paske, se tout mwen vle.
M pa vle anyen a mwatie.

Koral

M’ap renmen w toujou,
Menm nan absans ou.
M’ap renmen w toujou,
Menm nan soufrans mwen.

Ale, pran tan ou.
Pa enkiete w, m’ap tann ou.
M prefere pèdi ou,
Ke m gen moso nan ou.

iii

Mwen vle, mwen vle w,
M vle w jwenn la jwa,
Menm si m pa là.
M pa vle w konn’ sa k’ move tan
Ak move moman.

Menm si, menm si,
Le bonheur ne te sourit pas,
‘Tounen, ‘tounen jwenn mwen.
M’ap pare pou ouvri bra-m ba ou.
Wo ou wow.

Menm si m santi kè-m ap rache,
Cheri m pa ka fòse w rete.
Si w jwenn kote dlo-a pi fre,
Pito w ale.

Menm si m konnen mwen pr’al’ kriye,
Cheri m pa ka fòse w rete.
Si w jwenn kote dlo-a pi fre…
Ô yè, pito w ale.

Ô non, m p’ap ka kenbe.
Pito w ale. M p’ap ka kenbe.
Pito w ale.

Soti

Pito w ale. {Refren}

Pito w ale. M p’ap ka kenbe.
Vle w tout antie ; m p’ap ka pran w a mwatie.
Pito w ale, pito w ale tande.
M bouke mande m, si w se pà-m tout bon vre.
Pito w ale, pito w ale tande.

[Ou] fè m boulvèse ; m p’ap ka kenbe.
Mwen p’ap janm vle. M p’ap janm vle w a mwatie.
Pito w ale. Pito w ale. Pito w ale.
O ou wow. Pito, pito w ale.

SayZeal | Sezi l Nèttm

This entry was posted in Chanson, Literati and tagged , , , , , . Bookmark the permalink.