Koziman sou Istwa Drapo Peyi d’Ayiti


Sandy Larose

Istwa se [pi] gwo zam sou tout la tè beni, pi tèrib pase zam biyolojik ki ka detwi moun pä bann ak pä pakèk, istwa se zam moun save ak politisyen itilize pou fè byen oswa mal. Yo itilize li tou pou dominen pi byen. Nan kad jefò ke n’ap fè pou n konnen pi plis sou istwa nou antan ke Premye Pèp Nwa Endepandan, nou blije chèche konprann aklè kèk kesyon k’ap brase bil nou. Sa ki gen arewè ak koziman sa sou drapo Ayisyen an. Nou pr’al’ chita anba tonèl, pou n ka dekouvri verite sou tanbou, pou n konnen pi plis, sou istwa drapo peyi-a.

Pou n kòmanse, nou dwe raple piskèt kou sadin, zannana [kou] pengwen, ke Peyi d’Ayiti se youn nan kote sou la tè ki konnen pi plis drapo nan istwa-l. Koze drapo dayè se pa ti koze pä bò isit. Se anplis yon sign vizib bout tèritwa-a, men li konn’ tou expresyon ideyolojik kèk dirijan ; se ta sanble youn nan koz ki ta ka explike [rezon ki fè] nou pase drapo pä ban n ak pä pakèt konsa.

Si nou ta fè yon ti kout pye byen lwen nan istwa bout tè sa, yo rakonte nou ke moun ki t’ap viv anvan 1492 yo pa t’ ni moun po nwa, ni moun po wòz pal ke yo rele blan jounen jodi-a, men pito se [te] moun po koulè mamit wouye, kidonk moun po wouj. Pèp sa te rele Tayino, ki vle di pèp pezib. Lè Kristòf Kolon te debake sou zile-a, sou Mòl Sen Nikola, pou yon rezon oswa yon lòt li te rele zile-a Espagnola, li di se paske peyi-a te sanble ak Espay, men sa ki parèt pi komik nan istwa sa—li te rele moun li te jwenn yo Endyen paske li di l [te] kwè li rive ań End. Anplis, Kristòf Kolon te expè nan kesyon katografi. Li te konnen byen li pa t’ [rive] ań End. Men tou, kote w janm wè abitan yon peyi gen yon nōn ki diferan de peyi-a. Poukisa li te bay abitan yo yon nōn epi peyi-a yon lòt nōn ? Se depi lontan [wi] y’ap ban nou kòk pou pentad ! Se pa koze ki konsène nou nan koziman sa. Men fòk nou ka reflechi pou n remete koze sila yo an kesyon. Moman sa, istwa rapote nou ke Kristòf Kolon, olye li te plante drapo lè li te rive, li te plante yon bout kwa. Tou pandan moman ke se espagnòl yo ki te etabli baz yo, pa t’ reyèlman gen yon drapo ki t’ap flote sou bout tè zile Kiskeya.

Tanmen, nan l’ane 1697 se drapo Fransè-a ki t’ap flote sou tèritwa-a jouk pou bout an Fevriye 1803. Fòk nou di tou ke Tousen Louvèti, nan l’ane 1798, te adopte drapo blan Franse-a, d’aprè  Konstitisyon Janvye 1801. Li te vin’ kareman pi gwo chèf nan koloni an ak sou tout bout zile-a, kidonk Gouvènè Jeneral pou tout tan gen tan.  Yo te arete Tousen sou lòd Bonapat e yo te mete li nan yon kacho kote li te mouri [Fort de Joux] nan fredi ak grangou jou ki te 7 Avril 1803.

Lè nou fouye zo nan kalalou, nou dekouvri rezon ki te ban nou premye drapo nou te genyen an. Se pandan gwo goumen te eklate nan zòn Plèn Kildesak antre yon twoup Fransè ak Twazyèm Demi Brigad Kolonyal la, kidonk  l’ame ki te fòme ak nèg kite bezwen libète yo.  Lè nèg sa yo te pèdi drapo yo, twoup Fransè yo te sezi li, epi tou yo fè sòti yon nòt yo te enprime e yo di : Se pa vre ke nèg Sendomeng yo […] bezwen endepandans, paske se ak menm drapo nou ke y’ap konbat nou. Lè sa, Petion ki t’ap dirje Twazyèm Demi Brigad l’Ame Endijèn lan te drese yon rapò pou voye bay chèf la, ki se te Desalin, pou rapòte li radiyès sa.  Se poutèt sa, nan mwa Fevriye 1803, nèg nwa kite sòti nan kontinan l’Afrik ke blan Fransè te vin’ fè bourike kòm esklav nan Sendomeng te di se twop atò, yo te leve kanpe e mare fache ak tout sa ki te ka raple yo metwopòl la Frans.  Nan Tirivyè Latibonit, kote katye jeneral l’Ame Endijèn lan te ye, chèf leve kanpe-a, Desalin ak Petion, li menm ki te reprezante milat yo, te jire pou yo sòti peyi-a nan esklavaj, se konsa [yo] retire bout twal blan-an ki nan mitan drapo Fransè-a akòz nòt kite soti-a. Zak sa te senbolize tou tèt ansanm ant’ nèg nwa ak nèg po klè d’Ayiti.

Pa plis pase 3 mwa apre, nan gwo Kongrè Akayè-a, ki te reyini tout gwo chabrak l’ame yo, Desalin te prezante drapo sa ofisyèlman devan asanble-a. Jou ki te 18 Me e se Katrin Flon, belfi madan Desalin, ki te koud li. Drapo sila se te premye gwo aksyon ki te demontre aklè ke yo te vle koupe fache ak la Frans.  Drapo sa te fèt konsa : de bout twal ki te kanpe tankou se monte y’ap monte nan syèl, sa vle di vètikal, epi yo te ekri sou drapo ble e wouj sa « Libète oū Lanmo ». Gwo zotobre l’Ame Fransè yo te aprann koze sa nan bouch Latouch Trevil ki se te yon admiral, li te kwaze kèk twoup l’Ame Endijèn lan demen ak drapo ble e wouj la, e li te kouri drese yon rapò pou voye bay chèf l’Ame Fransè yo.

Choz di choz fèt, nèg nan koloni Sendomeng deside pou vin’ lib, se  konsa lè batay te mare tout bon vre, farin lan pa t’ [ka] vin’ nan menm sak pou l’Ame Bonapat la, [e an] 18 Novanm 1803 l’Ame Endijèn kase met’ nan mėn pi gwo l’ame sou la tè beni nan epok sa. Se konsa blan Fransè pran sabò epi pete kouri, pran bato e fè vwèl pou la kay yo an Frans – sān bliye sa ki te al’ chwe nan lòt zile, nan lòt peyi epi nan Dominikani.

Premye Janvye 1804, apre viktwa sila, otorite yo deside chanje drapo-a ankò, cette fois si yo pa t’ chanje koulè yo, men pito yo te deside plase bout twèl yo youn sou lòt ; konsa yo te mete ble-a anlè epi wouj la anba. Chanjman sila se akoz ke drapo ble ak wouj vetikal la te sanble ak drapo vil Pari. Men tou li te poze yon pwoblèm estetik ; paske se rache yo te sèlman rache bout twèl mitan-an ki te nan drapo Fransè-a. Men tou nouvo drapo-a t’ap montre tou yon lòt fason ke Ayiti diferan de la Frans. Konstitisyon 1843 konfime nan Atik 192 lan drapo sila.

Pou te chèche gen kontwòl tout bagay Desalin te pwoklame tèt li Anperè sou non Jak 1e, li pa t’ pran tan pou li te chanje drapo-a yon lòt fwa. Jou ki te 20 Me 1805, yon lòt drapo koulè nwa e wouj nan sans vètikal t’ap paweze nan syèl Ayiti. Koulè sa yo te senbolize pou Desalin, Papa Nasyon an, deviz nou nan epòk sa : Wouj la te senbolize libète epi nwa se te lanmò. Se te yon lòt mannyè pou Desalin te temwaye ke tout bon vre moun sou bout tè  d’Ayiti ta pito mouri olye yo ta rete ak blan. Pou moun ki t’ap dirije yo nan epòk sa e pou Desalin espesyalman, pa t’ gen anyen ki ta ka pi enpòtan ke libète, se sa ki fè nan konstitisyon menm epòk sa, yo deklare lib nenpòt moun ki te esklav nenpòt kote sou la tè depi li pile bout tè Ayiti-a. Se sa ki fè Ayiti se Manman Libète tout bon vre. Se tou ideyal sa ki fè Desalin tounen pi gwo teyorisyen ak praktisyen nan sa ki gen arewè nan koze libète pandan toutan ap gen tan. Paske dë swadizan premye revolisyon yo pa t’ pran an kont dwa moun ki gen po nwa. L’Endepandans nan peyi Tonton Sam, 4 Jiyè 1776, pr’al’ pran an kont tout kategori moun nan sosyete Amerikèn lan, men nèg nwè pa t’ ladan l, paske yo pa t’ konsidere kòm moun nan menm nivo ak moun ki blan yo. Kididonk moun nwa pa moun. Se jis apre lagè sesesyon, yo pr’al’ resi tanmen konside yon tikras moun nwa…

Pase sou sa, Revolisyon 1789 nan peyi la Frans, bwè pwa. Tout moun kapab wè aklè syèk limyè nan peyi la Frans ak dwa moun se koze bèl Fransè. La Frans, kòm peyi [ki te] plen koloni, [te] plen esklav. Se sa k’ fè nou kwè ke syèk la pa t’ yon syèk limyè, se te pito yon syèk gwo fènwa. Yon fènwa ki te anpeche blan esklavajis ań Eròp konprann komès triangilè, komès moun, esklavaj se yon krim kont imanite.

Aprè lanmò trajik Anperè Jak 1e jou ki te 17 Oktob 1806, peyi-a te divize an dë pati pandan 14 ane konsa. Petion se te sèl kòk chante nan Lwès ak nan Sid e se te Anri Kristof ki te alfa omega nan Gran Nò peyi-a. Petion te adopte premye drapo ble e wouj 1804 la.  Nan drapo sila, ble te kouche sou wouj la ; men li te ajoute yon lòt pawòl «  l’union fait la force », nou taka di an Kreyòl « men anpil chay pa lou ». Li mete yon bout twèl blan ki gen fòm kare nan mitan-l, e li te plase tout zam ki te pi enpòtan nan Batay pou Endepandans yo [sou li], sān bliye Bonèt Libète-a. Drapo sa te flote pandan plis pase 158 ane sou tèt Palè Nasyonal pou te bout jouk nan l’ane 1964 konsa. Men youn nan kesyon l’istoryen pa twò renmen poze, pouki Petion te blije tounen ak moso bout twèl blan nan mitan drapo-a ankò ? Lè nou sonje aklè [nan] ki kontèx drapo-a te pran nesans. Men tou, li ta enteresan pou nou poze tèt nou kesyon pouki se Petion ki premye pale koze pou yo ta ka peye la Frans apre endepandans, menm si se Bwaye, menm plim menm plimay ak Petion, ki pr’al’ peye yon swadizan dèt pou rekonesans l’endepandans. Yon dèt ki reprezante yon wont nan istwa. Se premye fwa sou la tè moun ki genyen an pr’al’ aksepte peye, men moun ki pèdi-a tou pr’al’ sān onè ak etik dakò pou yo peye li pou defèt li.

Nan Nò ak Latibonit se te Jeneral Kristòf ki te sèl mèt e segnè, yo te nonmen l Prezidan 27 Desanm 1806, e tout Gran Nò te dakò soumèt avè’ l. Lè rat pa la chat danse kalinda.  Kat mwa apre yo te fin’ nonmen l Prezidan, yon jou 28 Mas 1811, Kristof te pwoklame tèt li Wa, li te rele Anri 1e. Kristòf te regne kòm Wa pandan 9 rekòt kafe, sòti 1811 pou rive 1820. Li te konsève menm drapo ke Desalin te genyen lè li te fin’ nonmen tèt li Amperè-a, kidonk drapo nwa e wouj la. Kristof te kwè se te yon gwo ideyal, li te sèlman chanje pozisyon koulè yo ; li te mete wouj la [sere] kole ak poto kite kenbe drapo-a, tandiske Desalin te mete nwa kole ak poto drapo-a. Nan menm drapo sa, Kristòf te mete yon desen nan mitan li ki te fèt konsa : yon zwazo kouwè yon fenix ak 5 z’etwal an lò sou yon fon koulè ble, yon kouwònn te plase anlè fenix lan nan sèk la. Li te fè ekri nan sèk la an laten «  ex cinerebus nascitur » ki te vle di « nan rès sann mwen, mwen  retounen vivan ankò ». Drapo sa te flote sou Wayòm Nò-a jouk lè Petion te rive fè konkèt Gran Nò […].

Jan Pyè Bwaye ki pran pouvwa 8 Oktòb 1820 te kenbe drapo Petion-an, drapo ble ak wouj la ki te toujou kontinye ap flote nan tout peyi-a. Pou sa ki gen arewè ak zam repiblik yo, te gen ti lese ale sou kesyon sa, alòske se jis nan l’ane 1843 konstitisyon fè preskripsyon aklè sou jan pou yo fè amwari-a nan Atik 192 la.

Koze drapo, jan nou te di li deja, se pa ti zafè pä bò isit. Aprè Bwaye fin’ pran pouvwa an 1820 nan bout pà Repiblik d’Ayiti-a, kèk mwa aprè, yon 30 Novanm 1821 konsa, li te deplotonen twoup li nan pati ki a Lès zile-a, epi pwoklame lòt pati-a endepandan tou. Li te rele li Repiblik Ayiti Panyòl e kòm li te gen bon jan amitye ak Kolonbi, drapo Repiblik Ayiti Panyòl la se te menm drapo ak Gwo Kolonbi lontan. Depi premye jou l’ane 1822-a, drapo sa te gentan ap taye banda nan syèl Sendomeng […].

Nan l’ane 1844 yon gwo jefò te fèt pou yo te remete sou pye drapo nwa e wouj Papa Desalin lan, men sete [yon] echèk total. [An] 1847 Soulouk vin’ premye chèf nasyon an, e 2 z’an’ pita li te fè tèt li vin Amperè sou non Fosten 1e, sa te dire 10 z’an’ konsa, soti l’ane 1849 pou bout l’ane 1859. Nan Konstitisyon 1849 lan, li te blije adopte menm drapo ble e wouj la, ak sèl diferans, li pa t’ sèvi ak zam libète yo kite nan drapo Petion-an, men li te ranplase li pa yon desen ki senbolize anpi li-a ak kouwonn lan nan mitan li. Drapo sa te sispann flote 15 Janvye 1859 e desen ki te gen zam endepandans yo te repran plas yo nan drapo ki ta pr’al’ vini apre-a.

Franswa Divalye pran pouvwa an 1957 tankou yon ti mouton, men sa pa t’ pran plis ke 3 z’an’ pou l te mete tout pouvwa yo anba zèl li. Nan l’ane 1963 li kreye yon pati inik, e kreye yon konstitisyon tou nèf nan dat 25 Me 1964 ki fè li vini Prezidan pou Tout Tan li gen la vi, e prevwa pou li ranplase [tèt li] pä pitit gason li si zankapaka. Konstitisyon sa te adopte drapo nwa e wouj Desalin lan, ki donk twal nwa te kole ak poto kite kenbe drapo-a, wouj la nan lòt bò-a, men li te kenbe bout twèl blan Petion an ak zam repiblik yo. Drapo sa te tanmen flote depi 21 Jwen 1964 pou rive Fevriye 1986, apre Jan Klod yo te rele Bebi Dòk ki te ranplase papa li 21 Avril 1971 te kite pouvwa pou al’ an ekzil la Frans.

Dis jou apre Jan Klod kite peyi a, 17 Fevryie 1986, drapo ble e wouj ak zam Repiblik yo te rekomanse flote e li te ratifye yon ane aprè nan Konstitisyon 29 Mas 1987 lan. Depi lè sa, se drapo sa ki reprezante nasyo-an ofisyèlman tout kote sou la tè.

Malgre mizè ak soufrans, Nasyon Ayisyèn lan toujou fè yon jefò pou rete soude youn ak lòt, ini pou la vi anba drapo sila. Kèlkeswa relijyon, kwayans, klas sosyal oswa nivo entelektyèl yon moun, nou gen kichòy ansanm, li pa lòt ke dë bout moso twèl depaman—ble ak wouj [yo]. Chante nasyonal nou yo rele Desalinyèn [lan], se chante yo chante chak fwa y’ap monte drapo-a oswa desan li. Chante sila fèt ak pawòl Jisten Lerison epi son mizik la se Nikola Jefra ki te konpoze li. Sa enpotan pou nou raple ak lektè atik sila, avan chante nou se te « la Marseillaise ». Menm aprè l’endepandans, nou te kontinye chante li, men li te entèdi an Frans. Kidonk maseyèz la te chante nasyonal pà nou anvan la Frans. Li te an Frans yon chante revolisyonè, e poutèt gwo pawòl piman bouk li genyen yo sou revolisyon, yo te entèdi moun chante li nan peyi Napoleyon-an.

Nou pa ekate posibilite drapo anplis ke yon senbòl, se rezilta tout lide ak ideyoloji yon moun oswa yon gwoup moun. Kèlkeswa opsyon ak pyon politik yon moun, li dwe rekonèt valè drapo sila. Kèlkeswa koulè po nou, drapo sila, se pa yon kado, se sån zansèt nou yo kite koule. An nou respekte drapo-a.

Jounen jodi-a fòk nou repanse keksyon edikasyon sivik ak politik pèp Ayisyen an, pou yo aprann ke drapo nou dwe toujou rete drapo nou. Ayisyen dwe renmen drapo tankou yon dra pou kouvri ak reprezante li tout kote li rive. Jounen jodi-a se ak kè nan mėn nou wè menm nan Inivèsite l’Eta ki se swadizan gadyen drapo-a, pa janm gen yon deba serye.  Bon, sa k’ pi di-a, inivèsitè ak inivèsitèz pä bò isit pa gen anken respè pou drapo. Nou pa bezwen pale pou gwo chabrak k’ap dirije tankou je-pete-klere [yo]. Jounen jodi-a nasyonalis se yon jouman pä bò isit. Ayiti tounen yon bout tè kolon blan ak kolon nwè ap [itilize pou] anrichi. Nan sans sa, Ayiti sanble ak la Swis, tout moun vini piye Ayiti epi al’ sere la Swis. Jèn yo pèdi espwa. Ayiti tounen yon tè tranzit.

Pa bliye pyès pèp paka ekziste sān respè senbolik ak imajinè yo. Se jenès inivèsitè ki pou bay sans ak senbòl sa yo, ki pou fè premye pā yo. Respè drapo-a dwe koumanse nan Inivèsite l’Eta d’Ayiti pou al’ bout nan Palè Nasyonal. Anplis gwo deba sou granmonte nou ki fin’ pase anba pye, edikasyon politik ak sivik pèp la, lòt kesyon tankou lang Ayisyen an, foklò ak kilti nou—dwe poze nan sosyete-a.  Nou menm nan jenerasyon sa, nou gen devwa pou nou panse epi poze aksyon pou nou chanje sistèm sa… fè jenerasyon k’ap vini an renmen peyi li, renmen drapo li, renmen Ayiti. Drapo dwe fete chak jou ań Ayiti, paske li raple chak grenn Ayisyen kiyès yo ye… Pitit l’Afrik ki premye libere anba chèn esklavaj mouche blan.

Sandy R. LAROSE
Mèt nan Istwa ak Syans Devlopman
Pwofesè Sikoloji Politik
Inivèsite l’Eta d’Ayiti (FE/UEH)
Inivesite Notredam

SayZeal | Sezi l Nettm



This entry was posted in Literati, Opinion and tagged , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , . Bookmark the permalink.