Nèg Vanyan M

Enspirasion


Fatima Altieri

i

Nèg vanyan m, manchèt ou sou kote-w,
Pikwa-w pandie.
Sou po-w, dlo ape koule.
Solèy la leve.

Fòs ou lè w’ap plante !
Chak konbit konte.
Se kòmsi ou p’ap kanpe ;
Ou p’ap lage, menm si w fatige.

Ou fò ! Pa kite yo pieje w,
Fè w kwè ou se nèg andeyò.
Sān ou, la vil pa manje,
Peyi-a ap enpòte. La mizè sakaje.

Koral (2x)

Vin’ kouri nan plèn mwen,
Galope nan savann mwen.
Netwaye jaden mwen.
Tranpe nan larouze an mwen.

ii

Ou wi pla men-w pa mou,
Paske se avè’ yo ou travay.
Mėn sa yo w plante pwa ;
Yo plante joumou,
Men mėn sa yo bay lanmou.

Lamou sou tout kò-m,
Nan tout champ, nan tout kafou.
Lanmou ki ka donte m, e
Lanmou ki ka fè mwen fou.

Lanmou ka fè m kagou.
Mwen pa konn’ nwit,
Mwen pa konn’ jou.
Lamou ka fè m jalou.
Lanmou k’ fè m pa ka viv sān ou.

Koral (2x)

Vin’ kouri nan plèn mwen,
Galope nan savann mwen.
Netwaye jaden mwen.
Tranpe nan larouze an mwen.
… … …

Fini (2x)

Vin’ kouri nan plèn mwen,
Galope nan savann mwen.
Netwaye jaden mwen.
Tranpe nan larouze an mwen.

2. Tranpe nan larouze an mwen…

SayZeal | Sezi l Nèttm

 

This entry was posted in Chanson and tagged , , , , , , , , , , , , , . Bookmark the permalink.