i
M bezwen yon souf.
Li lè pou m leve pie-m.
Trò lonton m’ap kabicha,
Li lè pou m reveye m.
Pou m avanse, m konnen,
Gen kòd pou m demare.
E fòk mwen elwagne m
De negativite…, ehe ehe e.
Koral
Kite m’al’ kreye destine m.
Denmen mwen,
Se mwen k’ pou jere l. (2x)
Ale, ale. Pou libere m.
M pa ka rete.
Oho oho.
ii
Fason n panse, konn’ deranje m.
Jan n jije lòt, sa konn’ trouble m.
Move panse ka afekte m.
Kite m al’ fè ‘on ti medite.
M pa vle tande w !
Paske, dèfwa, ou pa di verite.
Sa w’ap preche-a, mon frè,
Se pa janm’ li ou pratike.
Ou toujou là pou montre m.
[Ou] toujou là pou dikte m.
Chemen ou poko pase,
Men poutan ou vle gide m.
Koral
Kite m’al’ kreye destine m.
Denmen mwen,
Se mwen k’ pou jere l. (2x)
Ale, ale. Pou libere m.
M pa ka rete.
Oho oho.
iii
M pa vle tande l !
Y’all tried to bring me down,
But I’ll never go down 1.
Fini
Ale, ale. Pou libere m.
M pa ka rete.
Owo owo. (2x)
SayZeal | Sezi l Nèttm
1 Nou t’ap eseye desann mwen, men mwen p’ap janm’ tonbe.