Flè Diz’ê

Jean-Cleaude Martineau


Jean Claude Martineau

Nou toujou panse ke Kreyòl la se pou fè moun ri ou bien fè moun danse. Gen moun menm menm, grand savait yo, ki di konsa ke «ce n’est pas une langue de culture». Alò, mwen menm, se sa m t’ap eseye montre ke son lang de kilti. M pa konn’ si m reyisi. N’a jije sa nou menm.

Nan peyi nou gen yon ti flè abitan rele flè diz’ê. Yo di ke l pouse chak maten, å moman diz’ê ap sonnen. S’on ti flè rouj sān pretansion. Li pa ni gro, ni santi bon. Li pouse nenpòt jan l konnen, nan raje, olong gran chemen. Men si w pa ka swiv yon grenn mièl, si w pa konn chemen papiyon, w’ap pase sou yo ou pa wè yo—tèlman yo kache anba gazon.

Lè m’ap pale de flè diz’ê, se pa ‘on ti flè sèlman m wè, se tout yon epòk nan la vi-m, k’ap fè toubiyon nan l’epri-m. Epòk sa, plis pou m te genyen se diz’an’, si m chonje bien. M t’ap grandi sān m pa konprann, menm jan ak ‘on ti flè nan savann.

Depi w tande se ti chemen ke pie abitan yo foule, depi Kan Kòk jouk Bouk Lenmbe, nanpren youn mwen pa te konnen. Epi, m te kapab rekonèt kouman tout zwazo yo te chante: depi sou ti kolobrik vèt jouk sou tako ak sèpantie.

Nan zòn lan te gen ‘on ti lekòl. Yon sèl ti piès kouvri avèk tòl, avèk yon ti lakou dèyè l, kont pou trase dë jwèt marèl. Yon sabliye, dë flanbwayan, te kwaze lonbraj yo sou li. Pie parese yo menm, an ran, te fè ‘on l’antouray pou li.

Klas avanse de gen kat ban. Elemantè te yon tab. Dë oū twa ban pou klas mwayen, avèk menm sis pou anfanten. Nou te gen yon sèl profesè. L’ap fè ‘on klas eple silabè, yon dezièm menm ap pran dikte, yon twazièm menm ape resite.

Nou konn’ elèv toujou renmen bay profesè pote vie nōn, men Mèt Guillaume te tèlman bon, nou te rele l «cœur dans la main». Men antre nou, nou te konn’ bay de nōn ki [te] konn’ mennen batay. Malgre gen anpil tan ki pase, gen ladan yo m toujou chonje:

Pericles se te pie poudre. Pie sa toujou blanch ak pousiè. Menm lè l’ap janbe la riviè, l pase sou ròch, pou l pa mouye.

Paske lestomak Herman te klere tankou dȧn zonbi ak sòs mango ou bien glou kann, nou [te] rele l lestomak [fer nu].

Men te gen youn nan nōn sa yo m’ape trennen tankou yon dèt. Nōn sa make m tankou yon bèt yo tanpe ak yon fè cho. Se yon nōn nou te bay yon ti fi ki te an reta chak maten. Se l’ê rekreyasion sonnen, a diz’ê pou wè l’ap vini. Nou te rele li: flè diz’ê. E nōn sa te bien ale avè’ l; paske, si m di nou kijan l te bèl, n’ap konprann se fraz m’ape fè. Malgre sa, li te tou’ dousman. Yon moun gade l m’al, sa te kont pou l fèmen tankou ‘on ti fèy wont yon ti moun souke an pasan.

Mèt Guillaume pa te janm’ pini l, dèske l pa ka rive a l’ê. Dayè tou se ta initil; se ta lave men siye a tè. Li te rete jouk Mòn Pienak, yon kote k’ rele Nan Gayak. Lòt timoun poko fin’ dòmi, li deja nan rout ap vini. Se pou sa, lè lekòl lage, se an kouran l derape. Malgre sa, l’ê l rive [li te getan] fènwa, frize deyò, poul moute bwa. Nou tout elèv yo te konnen yon jou fò l ta kite lekòl. Dë pie-l toujou sou gran chemen. Yon jou, fò l ta di tròp pou kò-l.

Se pou sa yon maten, mwa d’ Jwen, lè nou wè manmzèl pa vini, nou pa te pran sa pou anyen. Se konsa pou sa ta fini. Mango fleri; mango donnen. Jou fè semèn; semèn fè mwa. A la fen, nou pèdi espwa ke flè diz’ê ap janm’ ’tounen.

Men gen moun se kòk kalite. Yo pran espank, yo kilbite, men jouk lè y’ap bat la kanpay, poko prese kriye la gangn. Mèt Guillaume se konsa l te ye. Nanpren anyen l p’ap eseye pou fè ‘on elèv ’tounen lekòl e se nèg ki te gen bon djòl.

Lekòl lage yon Vandredi. Nou fin’ chante pour le pays. Mèt Guillaume di nou pou n tounen denmen a katr’ê di manten. Li di nou pr’al’ f’on exkision men an menm tan se yon mision. Vin’ avèk manje plen [bout] sak, nou tout ap monte Mòn Pienak. Denmen maten, nou tout te lá ; pa te gen youn ki an reta. Mèt Guillaume mete nou an ran, pi gran dèyè, piti devan.

Pousiè leve kankou bouya anba sapat k’ap make på. Pwatrin bonbe, bwa balanse, nou pran rout la n’ape chante:

«Nou te voulons chère patrie,
Puissante et forte, a tous les yeux.
Nous te voulons terre bénie,
Digne à jamais de nos aïeux.»

Plis n’ap mache, plis l’ap fè klè. Z’etwal yo etèn youn pä youn. Yon kòk chante, yon lòt reponn. Peyi-a menm ap pran koulè.

Nan tan pou solèy la leve, vin’ dejennen la rouze sou fèy bannann avèk pwa frans, nou te deja ‘on bèl distans. Nou moute mòn, nou pase plenn, nou janbe pasdlo pä douzèn men malgre nou tout te bouke, nou pa te janm’ sispann chante:

«C’est nous jeunesse étudiante,
C’est nous les grands, nous les petits,
Demain la gloire d’Haïti.
Les cœurs joyeux, l’âme fervente,
Toujours en avant nous irons,
La tête altière et haut les fronts»
(Edouard Antonin Tardieu).

Sou rout la, n kwaze abitan ki pr’al’ nan mache bien chaje. Gen sa k’ ba n bagay pou n manje. Pèp nou an pòv men li donan. Nou wè timoun ki pr’al’ nan dlo avèk yon tokèk sou tèt yo—yon kalbas sou tèt yo, y’ap balanse sou yon trokèt. Gen lòt menm ki pr’al’ chanje bèt. Se lè sa m vin’ sonje ‘on paròl Mèt Guillaume toujou repete: pou chak sèvo k’ale lekòl, genyen menm san k’ap gaspiye.

A la fen, se sou yon gran galèt mwen wè ke nou vin’ parèt: ròch yo te blan tankou lacho, akote yon kokenn basen dlo. Nou depoze panie, [bout] sak, tout lòt bagay nou te pote, paske n te rive nan Pienak, kote flè diz’ê te rete.

Nou nan rout depi douvanjou. Vant nou te vid tankou tanbou. M sipoze tout moun konprann afè manje-a pa t’ ka tann. Nou te gen pen ak fromaj. Lèt. Te gen kasav a’ manba. Te gen biswit ak konparèt. Avan w bat je-w, tout disparèt. Lè nou fin’ manje bien manje, tout kolòn lan vide nan dlo. Yon pati sou ròch ap plonje, yon lòt pati ap bat loko.

Kòm Mèt Guillaume pa t’ konn’ zòn lan, yon moun al’ avèk li. Li di nou rete tann li là, l’ap tounen tou swit ak manmzèl. Apre yon bon tan ap benyen, nou wè Mèt Guillaume ap tounen. Men kòm li t’ap tounen poukò-l, nou trouve gen yon bagay ki dròl. Nou tout kouri al’ rankontre l. «Kote flè diz’ê?» nou mande l.

Tèt li bese, bwa-l dèye do-l, li pase men l pa di yon mo. L’al’ koubi bò la riviè-a, li rense figi-l, li lave l. Men l pa t’ menm bezwen fè sa, nou te deja wè dlo nan je-l. Nou santi ‘on frison k’ pase, tankou lè w’ap mache a swè, yon chen [jape] a la liń klè, sȧn-w tresayi, kè-w kase. Tifi-a poko konn’ anyen, gade l deja pèdi la vi-l. S’on ti flè diz’ê ki fennen avan solèy poko l’ouvri-l.

Anvan nou retounen la kay, n’al’ ajenou sou ti tonb lan, ki te anba yon pie flanbwayan, akote yon ti kay pay. Kòm se te yon senp ti bit tè ki pa t’ gen oken nōn ekri, n’ale rache ti flè diz’ê nou tounen vin’ plante sou li. Èske gen ‘on moun là ki save, ki ka pran kreyon l kalkile, chak jou k’ pase, chak jou n pèdi, konbien flè diz’ê ki mouri?

Si la vi mennen ou Mòn Pienak, yon kote k’ rele Nan Gayak. Si anba yon flanbwayan ou wè yon bèl ti kouròn flè diz’ê…refize l. Pase lòt kote. Se ka sou ‘on ti tonb w’ap monte.

SayZeal | Sezi l Nèttm

This entry was posted in Literati and tagged , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , . Bookmark the permalink.