Mision-m se pou Chante

Mission

Mission

Larose ak Missile 727

Divizion I

Mision-m se pou m chante,
Se la m ka di sa m panse.
Menm si gen moun ki fache.
Mwen vle kontinie, fè travay
Granmèt la ban mwen an.

Mwen sakrifie tout vi-m,
Pou m pote la jwa nan kè-n.
Pa tann se lè m mouri,
Pou nou wè mwen te gen talan.

Mėn m kanpe devan nou,
Profite pou lè mwen pa là.
Sa k’ vle pote flè pou mwen,
Men wi, kè mwen ta kontan.

Tout pèp sivilize, onore
Moun ki fè sa ki bon.
Se sa k’ fè jodi-a, mwen vini
Pou m chante pou nou tout ka rele.

Onore, onore.
Onore…, onore.
Onore, onore.
Onore…, onore.

Tout pèp sivilize, onore
Moun ki fè sa ki bon.
Se sa k’ fè jodi-a, mwen vini
Pou m chante pou nou tout ka rele.

Divizion II

(M’ap travay). (Refren aprè)

Ay.., depi solèy leve
Jikaske li kouche
M pa gen tan pou m dòmi
M’ap chache melodi
Ań Amerik di Nò
Pa gen mèsi bokou
Tande y’ap lonmen nōn-m
Si m ta pran pou m pale
Mwen t’ap di verite
M t’ap merite mouri
Mwen pa nan tripotay
Se travay m’ap travay

(M’ap travay, m’ap travay,
M’ap travay, m’ap travay,
M’ap travay. O oh…) {3x}

Divizion III

(M’ap travay). (Refren aprè)

Ay…, depi solèy leve
Jikaske li kouche
M pa gen tan pou m dòmi
M’ap chache melodi
Ań Amerik di Nò
Pa gen mèsi bokou
Tande y’ap lonmen nōn-m
Si m ta pran pou m pale
Mwen t’ap di verite
Y’a di m se move je
Mwen pa nan tripotay
Se travay m’ap travay

(M’ap travay, m’ap travay,
m’ap travay, m’ap travay,
M’ap travay. O oh…) {3x}

Lèse l anda!

Divizion IV

Port-au-Prince? (Mėn nou!)

(Se nou), se nou menm menm,
(K’ap fè yo danse là.
K’ap fè yo vire là).

Mwen p’ap janm regrèt
Tout sa mwen fè nan vi mwen.

(Se nou), se nou menm menm,
(K’ap fè yo danse là.
K’ap fè yo vire là).

(Wo o oh). (Refren aprè)

Hey.., m pase Martinique,
M pase la Guadeloupe.
M’ale la Guyane.
Wi, m pase à Paris.
Mwen pase Miami
Mwen pase New York City.
Mwen vini nan Montréal.

Tout kote m’ale.
Tout kote m rive.
Se tout kote m pase.
Se mwen menm; se mwen menm.
Se mwen menm; se mwen menm.
Se mwen menm; se mwen menm.
Se mwen menm; se mwen menm.

(Tèmine refren an)

Se mwen men. Se mwen menm.
Se mwen men. Se mwen menm.
Se mwen men. Se mwen menm.
Se mwen men. Ay…, lèse l anda!

Division V

(M’ap travay). (Refren aprè)

Ay.., depi solèy leve
Jikaske li kouche
M pa gen tan pou m dòmi
M’ap chache melodi
Ań Amerik di Nò
Pa gen mèsi bokou
Tande y’ap lonmen nōn-m
Si m ta pran pou m pale
Mwen t’ap di verite
M t’ap merite mouri
Mwen pa nan tripotay
Se travay m’ap travay

(M’ap travay, m’ap travay,
M’ap travay, m’ap travay,
M’ap travay. O oh…) {3x}

1. Pou lè mwen pa là
2. N’a sonje tout sa m te fè
3. Wi, m chante pou moun ki renmen mwen
4. Padone tout sa k’ pa renmen m.

SayZeal | Sezi l Nèttm

This entry was posted in Chanson and tagged , , , , , , , , , , , , , . Bookmark the permalink.