Ansanm Ansanm
Pä
Ti Manno ak D.P. Express
Mizisien s’on sèl kò fanmi,
Kèlkeswa nasionalite.
Nòt mizik menm jan nan tout peyi.
Se enspirasion sèlman k’ diferan.
Pa gen rezon pou n fè polemik.
Polemik p’ap fè n avanse.
An n sere-kole; fè sa ki pi bon.
Egoyis p’ap fè n gade dèyè.
Mache, mache, mache, mache.
(Fè konpa mache!)
Pou sa k’ape koute
(Pou sa k’ape koute)
Pou sa k’ape danse
(Fè konpa mache!)
Pou sa k’ape danse
(Pou sa k’ape danse)
Pou sa ki nan la pèn
(Fè konpa mache!)
Pou sa ki nan la pèn
(Pou sa ki nan la pèn)
SayZeal | Sezi l Nèttm