Pä
L’Orchestre Tropicana d’Haïti
i
Si ou pè engratitid,
Ou p’ap janm’ fè sa ki bon.
Si w’ap panse rekonesans,
Ou p’ap fè bien pou pèsòn.
Ou montre makak voye ròch,
Pou l defann tèt li.
Premie moun li kase tèt li,
Se ou-menm.
ii
M’ap mande si
Se yon lwa nati règ sa ye.
Oū si se nan ras nou
Soti-a menm sa loje.
Tranz.
Oo oo ooh. Balanse !
Ki konpa sa ye ?
Konpa, konpa, konpa dijital.
Disipe !
iii
Ou pran yon ti paran-w
À la campagne.
Ou mete l lekòl la vil.
Ou ba li tout jan de swen
K’ gen yen.
Yon jou, pou l di,
Ou pa t’ fè anyen pou li.
iv
Ou ouvè ‘on biznis,
Ou pran yon malere.
W’anplwaye li avè’ w.
Li trouve w trò alèz.
Li moute yon gang ;
Li fè vin’ piye w.
v
Moun lan gen ‘on problèm,
Ou gen ‘on episri,
Li mande w achte kredi.
Ou sèvi li sān traka.
Angiz li ta peye w,
Li èlmi avè’ w.
Koral {1½x}
Mezanmi sa pou n fè,
Ak ti pèp sila.
Lè w fè bien pou yo,
Se kòm si w te fè mal.
Mezanmi sa pou n fè,
Ak mechan 1 sila.
Lè w fè bien pou yo,
Se kòm si w te fè mal.
Tranz.
Oo oo ooh. Balanse !
Ki konpa sa ye ?
Konpa, konpa, konpa dijital.
Disipe !
{Repete Koral la}
vi {3x}
Alò tout moun a lanvè 2.
Lè pou y’aplodi, yo move.
Lè pou yo fache, yo kontan.
Lè w fè bien pou yo, yo rayi w.
Fini
Lè w fè bien pou yo,
Se engratidid !
SayZeal | Sezi l Nèttm
1 Variasion : Ak nasion sila
2 Variasion : Ala ’on group moun a lanvè