Danse pou Mwen

Danse pou Mwen

Fè yo jwe pou nou yon konbo konpa dirèk.
Retounen kote m lan sou yon ti bolero ansien.
Soufle pou mwen yon ti rara raga la kay.

Souke pou mwen yon tchatcha troubadou peyi.
Bwaze kò ou. An n melanje yon merenge ansanm.
Zouke, tankou yon maskarad nan kanaval.

An nou tande siwèl yon mini djaz lontan.
Kwaze pou mwen, yon kadans kontredans.
Fè li, tankou yon fanm Kreyòl danse rasin.

© SayZeal | Sezi l Nèttm

Google Translate | Web Translator

This entry was posted in Literati and tagged , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , . Bookmark the permalink.