Enkwayab

Degaje
Incroyable

Harmonik

i

Ou ka wè tout je brake sou ou.
Jan tout gason vle goute mièl ou.
Menm femèl vle vin’ fè w lakou
Gen sa ki kanpe au jaloux.

Ou met’ tout moun au garde-à-vous.
Pèsòn pa ka fè demi-tour.
Chak fwa w ouvè bouch ou pou pale,
Ou ka wè jan tout moun ap tande.

Aswè-a là se ou ki rèn.
Ou merite ‘on gwo kout amèn.
Ay, ou mete lòt yo nan la pèn.

Koral

Ou s’on problèm ki pa gen solision.
Ou s’on poèm ki chaje emosion.
À l’instant même,
Se tout moun ki sou tansion.

Ou fè les hommes wè ak zòrèy yo
Ou fè les femmes tande ak je yo…

Tranzision

Enkwayab sa k’ap pase là.

ii

Pou bote te ka ekziste,
Yo di m se sou ou yo te kopie.
Yon sekrè moun p’ap ka konprann,
Ou s’on dife k’ pa janm’ fè sann.
Ay, lè ’on nèg gade, li p’ap sispann.

Koral

Ou s’on problèm ki pa gen solision.
Ou s’on poèm ki chaje emosion.
À l’instant même,
Se tout moun ki sou tansion.

Ou fè les hommes wè ak zòrèy yo
Ou fè les femmes tande ak je yo…

Tranzision

En, en, en, en, enkwayab.

iii

Enkwayab !
Se sèl mo mwen jwenn
Pou m ka dekri w.
Enkonparab !
Cette vérité est bonne à dire w.

M’ap veye w lontan sa,
[Men] mwen te kache sa.
M’ap viv ak yon espwa,
Yon jou pou m devwale ou sa.

iv (2x)

Ou s’on fenomèn,
Ke mwen pa ka explike.
Ou s’on eksepsion
Nan tout règ ki ekziste.

{Repte iii e iv}

Fini

Pou kiyès fanm sa ye ?
(Fanm sa pa pou vakabon). {mx}

SayZeal | Sezi l Nèttm

This entry was posted in Chanson and tagged , , , , , , . Bookmark the permalink.