Pä
Darline Desca ak
Roody Roodboy
Antre
Ou di, m fè w bagay ki sal.
Ou di w pa wè espwa avni-w avè’ mwen.
Si w vle kite m ; vle abandone m–
M pa kiè. (Ki mele m).
O, m pa kiè.
(Ki mele m, ki mele m, ki mele m).
W’ap imilie m. W’ap plede blaze m.
M pa kiè. (Ki mele m).
O, m pa kiè.
(Ki mele m, ki mele m, ki mele m).
Koral
Pandan nan je ou m pi mal,
Gen yon lòt ki deyò a ki bezwen mwen.
Ou di, m fè w bagay ki sal.
Ou di w pa wè espwa avni-w avè’ mwen.
Si w vle kite m ; vle abandone m–
M pa kiè. (Ki mele m).
O, m pa kiè.
(Ki mele m, ki mele m, ki mele m).
W’ap imilie m ; w’ap plede blaze m.
M pa kiè. (Ki mele m).
O, m pa kiè.
(Ki mele m, ki mele m, ki mele m).
i
Ou jwe ak santiman mwen.
Ou fè m pèdi tan mwen.
Desann valè m.
Ou pran menm fanm ki pran nan ran mwen.
M pèdi l’onè-m (devan fanmi-m) ;
Respè-m (devan zanmi-m).
Ou strese m. Ou pa sispann blese m.
Ou sans état d’âme.
W’ap mache DM tout fanm sou Instagram.
Lè m boude, m fache,
Ou di m kareman, se pa dwa-m.
Vakans… ou te vin pase nan vi-m.
Menm sou kabann…,
Ou pa menm ka pase anvi-m.
Koral
Pandan nan je ou m pi mal,
Gen yon lòt ki deyò a ki bezwen mwen.
Ou di, m fè w bagay ki sal.
Ou di w pa wè espwa avni-w avè’ mwen.
Si w vle kite m ; vle abandone m–
M pa kiè. (Ki mele m).
O, m pa kiè.
(Ki mele m, ki mele m, ki mele m).
W’ap imilie m ; w ap plede blaze m.
M pa kiè. (Ki mele m).
O, m pa kiè.
(Ki mele m, ki mele m, ki mele m).
ii
Se mwen k’ te fè erè–
M remake ou pat janm’ mezi pie-m.
M te aprann viv avè w,
Ak tout defo-w, m te reziyen m.
Kounia, ou jwenn yon lòt,
Ou gentan bezwen ekzile m.
M te fè tout efò m,
Pou m te ba w sa w te ekzije m.
Fò w reflechi nan la vi sa,
Ou pa santi w fè tròp pou laj ou.
Ou fè nèg la pase pou fanmi-w,
E poutan se mennaj ou.
Ou trete m tankou yon vie rejèt,
Poutan se ou k’ te pie lejè.
Mache apante tout berejèn.
Tout sa w fè m yo là, w’ap peye l chè.
Ou tèlman ban m bil, m rele m bilolo.
Ou toujou sou batay ; sou mete kimono.
Sou paròl anpil ; sou meli melo.
Aprè dë z’an’ m konnen w, ou gen dë nimero.
Lanmou n koule, ‘kou bato Titanic.
Ou tounen on demon, espri satanik.
Ou konn’ di w Delmas, epi w là Malik.
Pa vin’ ban m presion. Pa di m bay panik. Bll !
Soti
{Ô, ((ki mele m)) o, o… ((ki mele m)),
M pa kiè. (O, m pa kiè).
Non, m pa kiè. (O, m pa kiè)}. {2x}
Ou pa menm ka mennen m
Sou Pik Makaya menm. Ah, m pa fout kiè.
Rale kò-w là, Getore.
Ou pa menm dous menm. Haha….
SayZeal | Sezi l Nèttm