Achte yon Manchèt

Aprè Li [Jezi] di yo, men kounie-a, limenm ki gen yon djakout, se pou li pran li, menm jan pou moun ki gen yon bous : Epi, moun ki pa gen manchèt, se pou li vann rad li, pou li achete youn (Lik 22:36).

SayZeal | Sezi l Nèttm

« Nou pa ka kanpe, pou n bay yon nonm gaye kaka nou. N’ap gaye kaka l avan. […] Vann rad ou ; achte ‘on manchèt. […] Fò k’ ou gen ‘on manchèt. » –Job Antoine

Mwen pa ka fèmen pòt legliz pou vakabon.  Pou valè priyè m wè k’ap fèt pou Ayiti. Ayiti gen bandi pi rèd.  Non, non, non, non, non.  Enh, enh…, enh, enh.  Kounia, se aksion l mande.  […] Djakout Bon Die gen tròp priyè ladan l kounia pou Ayiti.  Tròp priyè.  Ayiti pa bezwen priyè kounia ; Ayiti bezwen aksion.  Mache sou yo !  –Marques Dumerant

Si vis pacem, para bellum (Publius Flavius Vegetius Renatus). Moun ki vle la pê, se pou l prepare la gè. […] Si w nan la ri, ou wè yon moun ki sispèk, mete mėn-w sou manchèt ou. […] Peyi-a gen lwa ladan. Menm si ou wè tout sa k’ap pase nan peyi-a, sa pa enpeche pa gen la lwa. Pa gen moun pou aplike lwa yo sèlman, paske tout moun se dezòd y’ap fè. […] File manchèt ou. Kenbe manchèt ou nan mėn-w. –Jean Paul DAVIUS

This entry was posted in Nouvèl, Opinion and tagged , , , , , , , , , , , , , , , , . Bookmark the permalink.