Le Mond se pa la Kay Mwen

Legliz Ayisien An
Chants d’Esperance

i

Le mond se pa la kay mwen,
Nan sièl mwen pr’ale.
Trezò mwen ak kè mwen,
An wo yo tout fikse.
Mwen tande z’anj yo k’ap
Rele mwen anlè-a,
E mwen pa ka’b santi m
Trò’ alèz isiba.

Koral {r. a. chak v.}

Jezi ou konnen,
Ou se sèl zanmi mwen .
Si ou pa pran m nan sièl,
O Segnè, sa m’a fè.
Mwen tande z’anj yo
K’ap rele mwen anlè-a,
E mwen pa ka’b santi m
Trò’ alèz isiba.

ii

Mwen konnen mwen pa dign ;
Mwen te yon vie pechè,
Men mwen gen tout espwa,
Nan Jezi, sèl Sovè.
Se Jezi ki te mouri
Sou le bwa kalvè,
E li te sove nanm mwen
Pou l’etènite.

iii

Mwen gen kèk bienneme,
Ki vwayaje deja.
Yo nan bra de Jezi,
E y’ape tann mwen lá.
Mwen gen pou m rete, lite
Kòm yon bon sòlda ;
Men Segnè, lè ou rele m,
M’a vini avèk jwa.

iv

Mwen tande vwa Jezi di m :
« Lite, pran kouraj,
Ale lwen, preche yo,
Chante e la priyè.
Pa trouble nan plenyen,
Mwen va là avèk ou.
Se mwen menm ki chwazi
Pou m voye w ale lá. »

SayZeal | Sezi l Nèttm
Variasion : Se ou k’ sèl zanmi mwen.
Variasion : Devanse-m.

Google Translate | Web Translator

This entry was posted in Chanson and tagged , , , , , , , , . Bookmark the permalink.