i
’Jan m renmen w–pa gen yen poezi
Ki ka dekrive tout sa ki nan kè-m.
’Jan m renmen w–pa gen yen mizik
Ki kapab sonnen tout sa m resanti.
’Jan m renmen–paròl mwen manke,
Chak fwa m eseye pou fè ou konprann.
’Jan m renmen w–jan m renmen w!
Cheri, di ou renmen m. {2x}
ii
’Jan m renmen w–se tankou peyi-m,
Malgre ke mwen lwen l,
Fò k’ mwen retounen.
’Jan m renmen w–se tankou yon flè
Prentan, ki bezwen lapli e solèy.
’Jan m renmen w–m’ape deklare li
Nan tout langaj, kòm yon resignòl.
’Jan m renmen w–jan m renmen w!
Amou, pa fè m soufri. {2x}
Fini
’Jan m renmen w–jan m renmen w!
Cheri, di m wi. Marie m. {2x}
© SayZeal | Sezi l Nèttm