Category Archives: Konsèy
Sou Kiyès ou Konte?
Lè ou vini konplètman depandan sou Die, ou vini konplètman endepandan tout lòt. Desizion sa ba ou yon libète ke majorite nan mond lan p’ap jamè jwi…. Konfie sèlman nan Bon Die. –Keith Moore SayZeal | Sezi l Nèt tm
La Priyè se yon Fòs
«La priyè se pi pisan fòm de enèji youn kapab jenere. Li se yon fòs ki reyèl kòm gravite terestial. Kòm yon medsen, mwen konn wè nonm, apre tout lòt terapi echwe, leve soti de maladi e de melankoli pä … Continue reading
Aplike. Aji.
Konnesans pa ase; nou dwe aplike. Volonte pa sifi; nou dwe aji. —Leonardo da Vinci SayZeal | Sezil Nèttm
Ekzijans Vital
Sa se paròl konfians n’ap preche-a : 9 Ke si ou konfese avèk bouch ou « Segnè Jezi » e ou kwè nan kè ou ke Die te leve Li de mò, w’ap sove. 10 Paske, se avèk kè li youn kwè … Continue reading
Leadership anba Presion
«Li pa regade m kiyès ki an chaj, ou dwe gen pi meyè relasion travay ki posib avèk yo si ou vle yo konsidere rekèt ou yo avèk limiè ki pi favorab.» –John Bel Edwards, Gouv. Lwizián, Eta z’Ini
Veye Panse-w
Vi ou ap toujou avanse nan direksion panse k’ap domine ou plis yo (Joel Sims). « Paske, kòm yon nonm panse nan kè li, se konsa ke li ye… » (Provèb 23:7). SayZeal | Sezi l Nèttm
Atitid
Atitid se bagay ki atire moun bò kote w oū pouse yo lwen de ou. Se librerien pase ou, oratè prezan ou e profèt fiti ou. Atitid se prensipal prediktè pou fiti siksè. –John C. Maxwell SayZeal | Sezi l … Continue reading
Provèb 31
Prològ: Konsène Fanm, Diven ak Tafia 1 Se paròl Wa Lemièl. Konsèy enspire ke Manman-l te enstwi l. 2 Kisa, pitit gason mwen? Epi kisa pitit ki soti nan z’antray mwen an? Ankò kisa pitit angajman mwen yo [pou m … Continue reading
Kote nou Soti pou n Rive Là?
Pä Johann Gicé Sous: johannaturelle. Atik sa te originalman pibliye pä johannaturelle, le 4 Oktòb, 2013. Klike sou lien an ou bien imaj nan paj sa pou konnekte avèk yo. Bonjou! Bonjou! Kouman nou ye? Anfen, mwen deside kreye blog … Continue reading
Kouri sou Problèm ou an
La Bib di konsa David kouri sou Goliat (1 Samièl 17:48). Mwen gen enpresion, youn nan bagay ki te lage Goliat a tè jou sa, se te sezisman. Avan menm kout ròch la te frape l, sezisman te kòmanse fè … Continue reading
Sou Imilite ak Ògèy
Imilite ap proteje w de desepsion, men ògèy se yon pòt ouvè pou destriksion. –Keith Moore SayZeal | Sezi l Nèttm
Kouraj Frè-m
Mwen fenyan pase tout nonm sou la tè. Si se pa vre, pou ki rezon perèz Domine vi-m konsa. Mėn konsèy frè: Ou kapab rich, men renmen ‘on malerèz. Moun anwo kòm moun anba tout se moun. Edikasion konte, men … Continue reading
Fè Vi-w Konte
Inove. Kreye. Imajine. Se sa ki mwayen pou asire yon eritaj pou jenerasion. Entelijans sèlman p’ap jamè garanti yon legasi. Youn trouve moun entelijan e irelevan tou’ patou youn gade. –Walter Isaacson SayZeal | Sezi l Nèttm
Lapli Tonbe, Van Soufle, Lavalas Desann
Sajès pa baze sou kantite experians yon moun fè. Li pa posib, paske gen experians yon moun fè yon sèl fwa. Mouri pä ekzanp, se yon experians youn fè yon sèl fwa. E si ou vle pèsonèlman experimante ak tout … Continue reading
Panse Richès
Biznis, anverite m’ap di w, se souvan trafike nan enflourans. Mwen garanti w, si ou pa pare pou aji kòm yon aktè ou yon aktris, gen bagay ou p’ap jamè wè. Ou dwe kòmanse aji, maskarade w kòm yon rich, … Continue reading
Peche w Renmen pi Plis la
Predikatè-a di, «Rete bien lwen peche w renmen pi plis la.» Mwen konstate, li gen rezon. Yo di, sajès pa mande w al’ pèsonèlman experimante tout kichòy, se vre wi. Obsève bien sèlman sa ki fè lòt la kilbite, w’a … Continue reading
Sa Kòmanse Là e Kounia
Kote w ye-a, aprann kiltive yon mantalite d’ekselans. –O. Derain SayZeal | Sezi l Nèttm
Kouri pou Prim lan
«An Afrik, chak maten yon gazèl leve, li konnen l dwe gen plis vitès ke lion ki pi rapid la si li vle rete vivan. Chak maten yon lion leve, li konnen l dwe gen plis vitès ke gazèl ki … Continue reading
Chanje Panse-w, Chanje Vi-w
Si w vle chanje yon nonm, ou dwe chanje mantalite-l. Chanje fason l panse. –R. Wafo SayZeal | Sezi l Nèttm
Ignore Kritik yo
Fè sa Bon Die mande w pou fè-a, l’ap regle problèm ou ak kritik yo. Ou dwe ignore kèk moun nan vi-w; paske, gen moun ki la sèlman pou dekouraje w, annouye w, fè w pèdi konsantrasion-w sou sa ki … Continue reading
Manifeste Trezò-w yo
Reyalite ke ou te fèt nan jenerasion sa se ase evidans ke Bon Die te konnen mond lan t’ap bezwen potantièl ou ansent avèk la nan moman presi sa. Bay vizion-w yo vi. Travay pou fè rèv ou yo yon … Continue reading