Tout kondision yo egal. Distenksion avèk senk sans yo pa posib. Se là :
Dout dezespere, li plenyen, e li tris, men konfians menm rejwi, li renmèsi, e li selebre. –K. MOORE
SayZeal | Sezi l Nèttm
Tout kondision yo egal. Distenksion avèk senk sans yo pa posib. Se là :
Dout dezespere, li plenyen, e li tris, men konfians menm rejwi, li renmèsi, e li selebre. –K. MOORE
SayZeal | Sezi l Nèttm
Mwen fò. Mwen file. Mwen briyan. Mwen chèlbè. Mwen rich anpil… Mwen se yon gran benediksion. –K. MOORE
SayZeal | Sezi l Nèttm
M’ekri pou ou paske ou jèn.
Ou poko genyen tròp regrèt.
M’ekri pou paske w s’on rèn,
Malgre gen yo k’ trete ou bèt.
Anverite w s’on vrè trezò.
Valè ou plis ke pèl ak lò,
Ajan, rodiòm, diaman, platen,
Mete ansanm ; ke tout biten.
Nan jou Die te kreye ou-a,
Sièl ak tè-a te konvoke.
Delivrans ou te vo vi Wa.
Li ba w Non Li pou envoke.
M’ekri pou ou paske w vivan.
Malgre defi avèk traka,
Yo ensilte w tankou baka,
Toujou genyen espwa devan.
M’ekri pou di w pèsevere.
Mechanste p’ap dire toujou.
Yo poko wè jan w’ap briye.
Nwit ou prèske fini. L’ap jou,
Yon jou. Y’a wè kiyès ou ye.
© SayZeal | Sezi l Nèttm
Se vre, tout jenerasion gen problèm pa yo. Malgre sa, krè m frè-m oū sè-m, ou te kreye pou viv nan tan pa-w la, e ou kapab fè l. Anverite m’ap di w, ou kalifie pou moman sa. Si ou vle, ou kapab menm jwi la vi. Sèvi Bon Die. Travay ak konnesans e ak sajès. Lè w dekouraje, pemèt Dener Ceide oū Ralph Conde soulaje doulè ou. La vi posib. -jvm
SayZeal | Sezi l Nèttm
Kè Kraze ak Mizè
Pä
disip
(Orij. Jealous, de Labrinth)
Prezante:
Gazman Couleur ak
Dener Ceide
i
Mwen jalou pou lapli.
Lè m wè l tonbe sou po-w, li nwi m.
Paske l rive kot’ mėn-m pa t’ janm’ rive.
O wi mwen jalou menm pou lapli.
ii
Mwen jalou lè m vè van,
Pou jan l flote anba jipon-w,
Jan l vante nan mitan lonbraj ou.
O wi mwen jalou menm pou van.
… … …
Koral
Mwen swete w, mwen swete w,
Tout sa ki bon pou ou.
Mwen sonje m te di ou, lè w ta pr’ale-a,
Ou pa bezwen menm padone m.
An pansan ke w t’ap ‘tounen,
Pou w vin’ di m, all you found was
Heartbreak and misery1.
Li difisil pou m di w,
Mwen jalou lè m gade,
Jan kè-w kontan san mwen.
Wè plis
Pä
Zenglen
1e dialòg
Nicky: Richie hm, ou kwè w konprann bien sa m’explike lan.
Richie: Yo, Nicky.
Nicky: Pale avè’ m.
Richie: Monchè w konnen, bagay w’explike m lan, se, se, se istwa m w’ap rakonte là man.
Nicky: You’re playing man1.
Richie: Trust me bro.2
Nicky: Mėn y’ap gade nou là wi.
Richie: Li dèyè m lan.
Nicky: Pa vire monchè. Pa, pa vire man.
Richie: Ou wè l’ap gade. Oh my God. Anyway. Let’s do this3.
Nicky: Yo pran nou!
i
(Yon ti bo, aswè-a, ki fè m tonbe panse).
Yon grosè aksidan k’ rive,
Kè mwen chavire, men pèsonn pa blese.
(Yon ti bo, aswè-a, ki fè m tonbe panse).
Anbilans gentan debake, yo di pa gen danje.
Tande sa k’ pase:
Mwen sonje, lè nou te tou piti,
Nan lapli, n’ap benyen tou touni.
Ansanm, nou fè premie kominion.
Ansanm ankò, nou fè konfimasion.
Jodi-a, gade nou fini lekòl.
Nan gradiasion, n’ap danse, mėn sou zepòl.
Gad’ je nou ‘kontre, epi nou anbrase,
Kè mwen exploze.
ii
(Yon ti bo, aswè-a, ki fè m tonbe panse).
Yon grosè aksidan k’ rive,
Kè mwen chavire, men pèsonn pa blese.
(Yon ti bo, aswè-a, ki fè m tonbe panse).
Pa ka gade w nan je, doudou m dekontrole,
Mwen pè pou w pa fache, si mwen ofanse w.
(Padon m’ap mande w) padon
(Si mwen ofanse w) si mwen ofanse w
(Padon m’ap mande) padon m’ap mande
(Si mwen ofanse w) si mwen ofanse w doudou
(Padon m’ap mande) mande w padone m doudou
(Si mwen ofanse w) wo, wo, wo ou wo
(Padon m’ap mande w, si mwen ofanse w)
Yon lanmou, (aswè-a, ki fè m tonbe panse).
Anbilans gentan debake,
Yo di pa gen danje, e, e, ee…
(Yon ti bo, aswè-a, ki fè m tonbe panse).
Wè plis
Pä
KAÏ
Prezante :
Richard CAVÉ
Entro
Ayay, ayay. Ou, Ayay, ayay. Ou, ayay, ayay.
i
Sa fè deja lontan, ke n’ap travay sou menm projè.
Chak jou n’ap fè deba, se yon fason pou n ka wè klè.
N’ap bay mėn, n’ap pountche, e nou menm fè overtimea
Se sa travay la mande. Fò n pa dekouraje.
ii
Tan vin’ pase sou nou. Se vre, defwa, mwen fè erè.
M’eseye. Malgre tout, w santi w’ap pèdi enterè.
Ou pa menm ban m préavisb. Se tankou kontra m fini.
Men nou pa sou menm paj.
C’est dommage, ou gentan baisser les bras.
Koral
(Cheri w demisione). Ou lage m.
(Sanble w demisione). [Tande.]
(Cheri w demisione).
Gran maten sa w gentan soti pou w ban m lage-a.
(Cheri w demisione). Lage-a.
(Sanble w demisione). [Lage-a.]
Cheri w demisione).
[Gran maten sa w gentan soti…]
Wè plis
Pä
Vyab
Prezante :
Mickael GUIRAND
Entro {2x}
Tou dou dou dou. Tou dou dou dou.
Tou dou dou dou, dou dou, {1. doudou}.
Pati 1
Mwen pèdi sans mwen.
Mwen debousole.
Mwen pèdi souf mwen.
Mwen bouke sipliye.
Emosion-m pèdi koulè.
M’aksepte mwen nan erè.
Mwen dezole, pou sa k’ rive.
Mwen chache pi wo…baby.
(Mwen chache pi wo).
Mwen bouke mande Bon Die.
Èske se nou k’ trò konplike ?
Koral
Lanmou fasil tankou, (1, 2, 3).
Yon ti fache, (4, 5, 6).
Nou rekonsilie, (7, 8, 9).
Tout bagay oke.
Lanmou fasil tankou, (1, 2, 3).
Fò n tolere, (4, 5, 6).
Fò n sakrifie, (7, 8, 9).
Tout bagay tout bagay vin’ nèf.
{Se konsa lanmou ye}.
Pati 2
Mwen pèdi tèt mwen.
Mwen dekouraje.
Reveye nanm mwen.
Fè m wè verite.
Nan dòmi m’ap chache w ;
(Mwen chache w).
Menm je klè m pa wè w.
(Ou ale).
Ô, ou s’on lago kache,
Ki met’ tout vi mwen tèt anba.
Mwen chache pi wo…baby.
(Mwen chache pi wo).
Mwen bouke mande Bon Die.
Fè nou wè realite.
Wè plis
i
Bèl ti bouch ou, pou m fè ti tòtòt.
Si m ’trapea sa, m p’ap janm’ fè yon pòtb.
Dë bèl je-w, pou w klere mwen,
Joli men-w, pou w manyen mwen,
Si m ’trape sa, m p’ap janm’ fè yon pòt.
ii
Vie ti men mwen, p’ap janm’ bezwen lòt.
Bèl anw chouchou, (la la la, lala lala).
Fè m vin’ pou ou, (la la la, lala lala).
Mwen wè chak fwa kè-m moute bwa.
Mwen pèd’ paròl ; mwen san kontròl.
iii
Kè anm pantan cheri, (la la la, lala lala).
Mwen pran kouran, (la la la, lala lala).
Tanpri souple, fè ‘on avanse,
Tou pre m, pou m pa dezespere.
Wo ou wo ou wo… Mm mm mm.
Wè plis
i
(Mwen renmen w). {Refren, aprè ‘—‘}
Anyen au monde p’ap janm ka enpeche—
Si mwen ta bliye w, se yon peche—
Pou ki rezon cheri pou m ‘bandone* w—
Ou mèt ret’ kwè ke m’ap toujou bezwen w—
ii
Ou s’on solèy, ki chofe m nan fredi.
Yon gòdèt siro mièl, k’ap soule m, pou fè m dòmi.
Ou s’on mèvèy—kòman kò-m tresayi.
[Ou s’on fanm san parèy,
Mwen renmen w jouk m’ap mouri]. {2x}
{Repete pati i}
iii
Ou s’on lalin, ki pa jamè dekou’†,
K’ap klere m la jounen, ni lan nwit, nan chak ti kwen.
Ou-menm ak em‡, nou kreye ‘on mòd lanmou,
[Menm le sièl pa konnen,
Kijan mwen ak ou makònen]. {2x}
Wè plis