Gen nan nou k’ap eseye poze mwen kesion tan-z’an-tan, men nou pa itilize yon mwayen ki ase efikas ki pou pemèt mwen fè nou repons. Se vre tou mwen te kapab fè li pi fasil pou ou toujou, men telefòn mwen deja sonnen ase. Mwen gen plas ki rete sèlman pou bon nouvèl. Si se sa w’ap pote, n’a pale.
Pou lòt moun yo, kòm mwen deja ekri yon lòt kote sou blòg la, ou ka ekri mwen pä e-mail, id est, voye yon messaj elektronik (an nou di e-mèl) ban mwen. E-mèl se yon bon zouti pou kominike li ye tou. Epi, gen anpil konpayi ki pemèt ou kreye yon adrès gratis sou rezo pà yo. Mwen bay twa konpayi là pou ekzanp kote w ka ale pou kreye pròp adrès elektronik pà ou.
Gmail | Gmail
Microsoft | Microsoft
Yahoo | Yahoo
Mwen angaje m nan yon aktivite pou kore langaj Ti Joslyn lan, men pèsòn poko rele m jiska prezan pou konfere yon doktora ban mwen paske m te fòmalize langaj pèp Ayisien an. Epi, si m travay ladan se pa yon djòb m’ap fè, men se yon travay mwen kreye mwen menm.
Kisa? Sa w vle di pä tout sa frè-m? Enben, mėn yon ti pati ladan: Tèknolji-a pa “souvan” kreye dirèkteman pou nou. Nou senpleman chache yon mwayen pou adapte li. Sa souvan nesesite pou yon Ayisien kapab pale oū konprann pliziè langaj. Elas, pou lien konpayi mwen ba ou an wo yo, si ou lī Ayisien sèlman, w’ap gen difikilte. Chwazi a goch pou Anglè oū a dwat pou Fransè, pou ale kreye pròp adrès e-mèl ou.
Si w gen difikilte, se pa gwo problèm ke sa. W’ap jwenn yon vwazen bò kote w lá ki prè epi kapab ede w. Lè w fini fè travay sa, voye premie mesaj e-mèl ou ban mwen.
Klike isi pou retounen sou paj prensipal kay la. Là pou wè pou kisa nou ekri e sou lien sa pou yon ti koze espesial dè fwa. Mèsi. -jvm
jvmarcelin@gmail.com
© MMXXI SayZeal | Sezi l Nèttm