Koze

Mwen espere ou pa pami moun ki reponn, «anyen non,» sou kesion, «kisa w’ap regle ki bon an.» La vi mete anpil demand sou nou se vre, men yon bagay nou kòmanse reyalize, se paske nou posede tout zouti ki nesesè pou regle problèm yo.

Sa pa vle di se yon mision fasil. Pa ditou. Yon desizion pou reyisi nan vi sa pafra nesesite ou konfronte perèz ou pa ta vle; mache nan chemen ki pa deja trase; kontrole emosion-w, lè youn vekse w san rezon, etc. Aprè tout, sa pran anpil travay, pasians, avèk pèseverans.

Tcheke nouvo post yo. Se la tèt nou ye nan moman prezan, ki natirèlman provoke sa nou ekri e enspire sa ki poste yo. Viv pou afekte anvironnman-w lan nan yon fason pozitif.

Kòm toujou, nou renmèsi w dèske ou te deside pou fè yon ti poze sou sit wèb sa. Klike sou kay la pou w lī tout atik yo, oū sou kisa pou wè rezon pou blòg la. Rete konnekte. Retounen vin’ wè nou; n’ap ret’ tann ou. Mèsi.
-jvm

P.S. Si ou vle pale, oū si ou ta renmen kolabore, fè nou yon propozision ekri: Via e-mail a jvmarcelin@gmail.com. Nou rezève plezi pou aji oū pa. Tanpri souple padone nou d’avans; pou le moman, resous nou yo limite. Mèsi ankò.

© MMXXII SayZeal | Sezi l Nèttm