Ayiti ap Viv nan Defisi


Marli Lalanne

Tout moun ap chache kot’ kòb la ap soti pou met’ nan pòch yo, men pa sanble gen piès moun k’ap analize depans peyi-a. Sa fè lontan n’ap opere nan ‘on defisi total, men nou pa konprann sa. Avan m’ale pi lwen, ban m mande w : Èske n gen ekonomis nan peyi-a ? M p’ap pale de moun k’ap repete sa z’òt di non, men moun ki ka analize epi propoze solosion ki inik e esansièl pou nou. Depi n pa gen moun k’ap panse, moun [ki] pou regilarize pri ak kontrole depans yo, nou fèk kare nan mande kot’ kòb.

M konnen gen koutay k’ap fèt, men defisi rete defisi. E sa s’on diab ekonomik k’ap dechire nou anbachal. Jodi-a m vle detaye sou twa nan pakèt fason n’ap opere nan ‘on defisi total kapital : (1) Transpò, patikilièman rout ; (2) ennèji ; ak (3) moun. M gentan konnen dë premie yo se bagay nou repete, men m pa kwè n bien konprann yo.

An n kòmanse a’ rout yo. Anpil rout ań Ayiti pa fèt, sa k’ fèt yo trò piti e yo mal fèt. Ou ka mande ki defisi k’ gen nan sa. Enben, ban m explike w. Lè pa gen rout, sitwayen yo pran plis tan pou fè vas et vient yo. M te fè ‘on videyo sou kòman nou gaspiye tan ki explike sa bien. Men imajine w, si l pran chak Ayisien 10 è-d’-tan an plis nan rout pä semèn, miltipliye sa pa 12 milion, epi w’a wè ki kantite tan n’ap gaspiye. E si tan se lajan, « Ou wè valè lajan n’ap gaspiye ! »

An n gade ‘on lòt fason rout fè n fè difisi. Ou konnen Ayiti pa fè machin, ni nou pa fè piès pou machin. Imajine w kantite machin k’ap pran pán akoz [de] move rout. Kobien chòk, konbien anba machin ki kwaze, karotchou pou n chanje, s­­­­ān konte sa n’ap boule yo. Antouka, se pa manifestasion m vin’ fè là, men m swete n reyalize boule karotchou s’on defisi [li ye] pou peyi-a tou, e ni lè n’ap kraze vit machin yo. Paske bagay sa yo se lòt kote n’achete yo. Si moun nan lòt peyi ranje machin chak twa mwa, nou menm se chak semèn nou fè sa. Ki s’on defisi tan ak lajan.

Move rout afekte kiltivanè n yo anpil. Panse a’ peyizan manje rete pouri nan mėn yo akoz pa gen rout. M sonje m t’al’ vizite ‘on zòn, kote yon kiltivatè te montre m kantite zonyon [k’ te] ret’ pouri nan mėn-l, pandan [ke] zonyon ap vann bien chè nan Pòtoprens ak nan lòt vil nan peyi-a. Akoz pa gen rout, nou pa ka distribiye prodwi n yo, menm lè gen demand pou yo. Pèp la peye bien chè pou prodwi nou genyen agogo nan peyi-a. Gen anpil frè ak sè n yo ki pa ka manje, pandan manje ap gate nan lòt zòn. Tout sa se defisi.

An n’antre nan ennèji. Tout Ayisien ap plenyen kòman Ayiti pa gen kouran. Bagay sa vin’ tounen ‘on jwèt, e chak gouvènman k’ monte itilize l pou vire lòlòj nou. Men yo pa vrèman reyalize nivo defisi peyi-a sibi akoz de sa. Tou’ dabò, tout jounen n’ap achte gaz kredi sou do yon pèp ki p’ap travay. To enterè sa yo, melanje ak chomaj, s’on kout ponya pou peyi-a. M te ka antre nan pliziè fason ratman ennèji redwi prodiktivite, efikasite, ak kreyativite nan peyi-a wi, men ban m abòde yon lòt aspè nan ennèji, mwen remake nou ignore. Tròp gro machin k’ap boule pakèt gaz nan peyi-a. Akoz [de] move rout, se gro machin sèlman n’achte, e pifò landan yo se ansien machin ki bwè plis gaz. Fò k’ nou redwi konsòmasion gaz la.

Poukisa n pa gen machin ibrid ak elektrik ań Ayiti ? Sitou nan Pòtoprens, kote se ti-pá pä ti-pá machin mache. Pou moun ki pa konnen, machin ibrid yo s’on seri [de] machin ki itilize batri ki pemèt ou boule mwen gaz. Machin elektrik la, li itilize batri sèlman pou l fonksione. Pou mesie moto m yo, gen moto elektrik tou. E m konnen gen nan nou k’ap panse teknoloji sa yo trò chè e trò avanse pou Ayiti. Tande : « Se bagay avanse yo nou bezwen pou n ka avanse. Nou pa ka rete dèyè tout tan. » Pou chè-a, gen ‘on jan n ka jere sa. An nou kòmanse edike yon jenerasion teknisien nan teknoloji sa yo, ki se fiti mond lan. Remake m pa di aprann yo konsome l. Imajine ‘on jenerasion teknisien ki metrize teknoloji sa. Imajine ‘on Ayiti ki chaje a’ machin elektrik. Imajine w itilizasion teknoloji sa pou konsève elektrisite. Sa t’ap ede nou konsome mwens gaz pou dèlko, epi fè mwens bri tan tèt moun nan peyi-a. Mezanmi se pa dë posibilite ki ekziste nan problèm nou yo non.

An n’antre nan twazièm lan ki se moun. Sa menm, s’on lavalas gaspiyay nou fè avè’ l. Kòmanse sou jan nou pa valorize vi moun, fini sou jan nou mal endike ti moun nou yo. [Sistèm] edikasion yo pa itil ni peyi-a, ni tèt yo. M sonje yon jèn gason ki te ekri m, pou l di m kòman l santi peyi-a gaspiye l. Li di m, « M santi m s’on gaspiyay. » M vle n koprann, moun se pi gro richès yon peyi genyen. Men Ayiti, se chita prepare dë-twa, epi voye yo al’ bay sèvis lòt kote. Sa k’ pi mal la, nou pa menm gen yon plan pou sa nou peye yon bann ak pakèt lajan pou n’endike deyò yo, vin’ [re]tounen sèvi peyi yo. Ban m wè si m ka itilize yon ekzanp pou m montre ou kote defisi-a ye. Si w’achte ‘on poul pou 10 dola, ou pase tan w’ap ba l manje, kou l pre pou l ponn ze, ou peye yon moun 5 dola pou l pran l nan mėn-w. M konnen anpil nan nou ap di, sa Anbasadè Marli ap di lá. Sa se bagay moun fou.

Enben, lè nou pran timoun nou yo, nou fin’ redi ba yo manje, edike yo nan mezi n kapab, aprè sa nou peye pou nou voye yo al’ rete a’ z’òt, se menm bagay la. M konnen gen nan nou k’ap panse se pa menm bagay paske yo voye kòb bay fanmi yo. Enben kòb sa se pou kontinie menm travay la—prepare rès yo pou z’òt.

M konnen m te di twa, men m’ap ban nou degi. Se pa dë defisi nou fè nan enpòtasion. M konnen gen bagay nou oblije achte deyò, men fò k’ nou prodwi tou. Gen bagay nou dwe fè la kay pou la kay. Hmm. Antouka, koze prodiksion an a tròp, men ban m senpleman pale de moun k’ap achte vin’ revann yo ak dwán lan. Si w’achte ‘on bagay pou 10 dola, ou peye transpò, plis dwán lan fè w peye yon lòt 10 dola pou li, konbien [kòb] w’ap revann li ? An n di w s’on moun ki genyen ‘on moso konsians, ou revann li pou 30 dola, ban m montre w defisi-a. Sitwayen nan peyi-w la peye twa fwa la valè sa yon moun nan peyi kote yo te achte l la peye. E se là la vi chè-a, n’ap pleyen tout jounen pou li-a, jwenn fòs wi.

Sa k’ pi mal la, nou menm ba yo bagay a bon mache, yo pran l yo bien kachte l, epi yo voye l [re]tounen vann nou bien chè. Nan ‘on sans : « Nou ba yo l an goud, yo revann nou l an dola. » Tout sa se defisi. Si w poko wè diaspora k’ap achte diri Eta z’Ini, ki soti Ayiti, pou y’al’ Ayiti, ou poko wè koze. Tanpri souple, bagay nou oblije achte deyò yo, an n’achte [a’] pi bon pri pou pèp la. Negosie tankou se ou k’ ta pr’al’ reachte l. Pa fè parès. Fè rechès ou. Si Eta z’Ini pran l nan men Chinwa yo pou 2 dola, pa achte l nan mėn yo pou 5 dola, pou al’ revann pèp mwen an. Bagay nou ka fè la kay yo, an n fè yo. Nou pa oblije vann mango, pou yo [re]tounen vann nou ji mango. An n prije pròp ji nou.

Ban m fè ‘on pale rapid ak sitwayen-m yo k’ap travay nan dwán yo. M pa di gouvènman non ; m di sitwayen. Lè yo maltrete ak kraze bagay yon moun voye ań Ayiti, s’on defisi pou peyi-a. Lè w’ap fè ‘on moun pase mizè, epi peye san-pou-san, plis magouy sou yon prodwi, w’ap kontribiye nan la vi chè pou frè ak sè-w yo e pou tèt ou tou. M konnen aprè sa, se menm ou-menm lan ki pr’al’ ankouraje oswa al’ nan manifestasion avèk pèp la, pou la vi chè. Silvouplè, pran konsians. Sispann fè peyi-a fè defisi.

M konnen depi m pale koze sa yo, tout moun pr’al’ lonje dwèt sou l’Eta. Wi, l’Eta gen ròl li nan tout sa m di yo, men mande tèt ou, kiyès ki l’Eta ? Kiyès ki nan l’Eta ? E pou kiyès l’Eta ap travay ? Fò k’ nou gen kouraj gade tèt nou, epi vire dwèt n’ap lonje tout tan sou lòt moun yo, sou nou, paske nou tout gen ròl ak responsabilite pà nou. E akoz peyi-n kote l ye-a, gen nan nou k’ap oblije pran plis responsabilite, [pou] menm sa nou panse l’Eta ta dwe fè yo. An n’ede youn [ak] l’òt. Lè-a rive pou n ranfòse kolektif la—li trò fèb. Sa l’Eta ka fè, an n’ekjije l fè-l. Sa l’Eta pa ka fè, an n’ede l fè-l. An n travay ansanm pou maksimize resous nou yo, pou peyi-n ka prospere. Nōn pà-m se Marli. Mwen s’on anbasadè l’Espwa pou Ayiti. [Ekriven an menm tonbe d’amou].

Sous @ Marli Lalanne
SayZeal | Sezi l Nèttm
SayZeal | Sezi l Presstm

This entry was posted in Opinion and tagged , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , , . Bookmark the permalink.